Pwen enteresan nan rapò sèvis la
Li ankourajan pou nou konnen nan peyi d Ayiti te gen 5 691 pyonye oksilyè pou mwa mas la, sa reprezante prèske yon tyè nan total pwoklamatè yo. Ogmantasyon ki te gen nan kantite pyonye oksilyè yo fè nou atenn yon nouvo maksimòm nan kantite pyonye pèmanan yo, chif la se 2 034. Lefètke gen plis moun k ap patisipe nan travay la, sa fè nou atenn yon maksimòm nou potko janm genyen ni nan kantite vizit yo, chif la se 148 529 ni nan kantite etid yo, chif la se 41 373.