Pwen enteresan nan rapò sèvis la
Li ankourajan pou nou wè jan kantite moun k ap batize nan peyi a ap ogmante byen vit. Nan fen mwa fevriye 2009, te gen 231 moun ki batize. Tousuit apre tranblemanntè a nan fen mwa fevriye 2010, nou te anrejistre 259 moun ki batize. Nan mwa fevriye 2011, te gen 400 moun ki batize. Nan mwa fevriye 2012, nou kontan fè nou konnen nou te anrejistre 442 moun ki batize.