Revizyon pou Lekòl ministè teyokratik
Nan semèn 25 oktòb 2010, yo pral egzamine kesyon ki vin apre yo nan Lekòl ministè teyokratik la. Siveyan lekòl la ap dirije yon revizyon k ap dire 20 minit e ki baze sou sijè yo te egzamine nan asiyasyon yo te bay soti nan semèn 6 septanm pou rive 25 oktòb 2010.
1. Ki sa nou ka aprann lè nou analize lavi wa Azarya (Ozyas)? (2 Wa 15:1-6) [w91-F 15/7 p. 29-30]
2. Piske Yotam, wa Jida a, te gouvène pandan 16 an sèlman, ak ki sa 2 Wa 15:30 fè referans lè li pale de “ventyèm ane” rèy li an? (2 Kwo. 27:7, 8) [it-2-F p. 1226 § 6]
3. Nan 2 Wa 17:29 yo pale de “Samaritan yo”, kiyès yo te ye? [it-2-F p. 878 § 8]
4. Poukisa Jewova pale de tèt li kòm Sila ki ‘fòme’ objektif li? (2 Wa 19:25) [w99-F 15/8 p. 14 § 3]
5. Ki jan 2 Wa 25:8, 25, 26 dekri avèk presizyon lè swasanndizan dezolasyon Jerizalèm nan t ap kòmanse? [it-1-F p. 403 § 5–p. 404 § 1; p. 471 § 1]
6. Poukisa nan 1 Samyèl 16:10, 11 yo di David se uityèm pitit Jese tandiske Ezra di li se setyèm pitit li? (1 Kwo. 2:15) [w02-F 15/9 p. 31]
7. Ki fason nou ka imite egzanp Gileyadit yo ki t ap viv nan tan lontan? (1 Kwo. 5:10, 18-22) [w05 1/10 p. 9 § 7]
8. Ki leson nou ka aprann nan men Levit ki t ap siveye pòt yo? (1 Kwo. 9:26, 27) [w05 1/10 p. 9 § 8]
9. Jis nan ki pwen chante te enpòtan nan Izrayèl tan lontan an? (1 Kwo. 9:33) [it-2-F p. 359 § 8]
10. Ki sa k pa t bon nan reyaksyon David te genyen an, reyaksyon yo dekri nan 1 Kwonik 13:11 lan? [w05 1/10 p. 11]