BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 6/10 p. 3
  • Revizyon pou Lekòl ministè teyokratik

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Revizyon pou Lekòl ministè teyokratik
  • Ministè Wayòm nan — 2010
Ministè Wayòm nan — 2010
km 6/10 p. 3

Revizyon pou Lekòl ministè teyokratik

Nan semèn 28 jen 2010, yo pral egzamine kesyon ki vin apre yo nan Lekòl ministè teyokratik la. Siveyan lekòl la ap dirije yon revizyon k ap dire 20 minit e ki baze sou tout asiyasyon yo te egzamine soti nan semèn 3 me pou rive 28 jen 2010.

1. Ki leson nou ka tire nan lapenn David te genyen lè lanmò Abnè a? (2 Sam. 3:31-34) [w05 1/6 p. 29 § 5; w06 1/8 p. 15 § 9, 10]

2. Ki erè Natàn te fè, e poukisa Jewova pa t rejte l kòm pwofèt? (2 Sam. 7:3) [rs-F p 153 § 9]

3. Ki jan 2 Sam. 7:14 te akonpli? [it-1-F p. 279 § 3; p. 554 § 5]

4. Ki sa k fè nou ka di fason David te aji ak Mefibochèt la se yon fason ki demontre bonte, e ki efè sa ta dwe gen sou nou? (2 Sam. 9:7) [w02-F 15/5 p. 19 § 5]

5. Ki diferan leson nou ka aprann nan relasyon ki te egziste ant Itayi, Gitit la, ak wa David? (2 Sam. 15:19-22) [w09 15/5 p. 27, 28]

6. Dapre sa nou konnen nan Bib la, lè nou rezone sou akizasyon Siba te fè kont Mefibochèt la, sa k fè nou ka di akizasyon an se te yon fo akizasyon? (2 Sam. 16:1-4) [w02-F 15/2 p. 15 § 11, nòt]

7. Lè David te mande Bazilayi ki te gen 80 an pou l fè pati moun k ap sèvi l yo, poukisa Bazilayi te rekòmande Kimam? (2 Sam 19:33-37) [w07 1/6 p. 26 § 13]

8. Ki jan imilite Jewova te bay David enpòtans? (2 Sam. 22:36) [w07 1/11 p. 5 § 1; w04-F 1/11 p. 29]

9. Poukisa Adoniya te eseye fè dappiyanp sou twòn nan pandan David te toujou vivan? (1 Wa 1:5) [w05 1/7 p. 19 § 5]

10. Poukisa Jewova te reponn priyè Salomon te fè pou l jwenn sajès ak disènman an? (1 Wa 3:9) [w05 1/7 p. 20 § 6]

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2026)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2026 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje