Anons
◼ Piblikasyon n ap ofri ann desanm: Le plus grand homme de tous les temps. Si moun nou rankontre a gen timoun, n ap ofri l liv Koute gran anseyan an. Janvye: Ki sa Labib anseye toutbonvre ? Si moun nan genyen l deja, ofri l nenpòt liv 192 paj ki gen po mou oswa nenpòt liv ki te parèt anvan ane 1995. Fevriye: Selon sa nou genyen ki disponib, n ap ofri youn nan liv ki vin apre yo : Y a-t-il un Créateur qui se soucie de vous ?, Sekrè pou gen kè kontan nan yon fanmi oswa La Bible : Parole de Dieu ou des hommes ?
◼ Nan ane 2011 lan, Memoryal la ap fèt dimanch 17 avril, apre solèy fin kouche. Gen kèk kote, plizyè kongregasyon itilize menm Sal Wayòm, e sa oblije yo chèche lòt lokal pou sikonstans lan. Nòt sa a vini alavans yon fason pou frè yo ka gentan fè rezèvasyon oubyen pou yo gentan siyen kontra pou yo jwenn lokal disponib. Nan kontra ansyen yo ap fè a, yo dwe antann yo ak moun ki responsab lokal la pou okenn lòt aktivite k ap fèt nan lokal la pa deranje yo, yon fason pou Memoryal la ka fèt nan lòd ak lapè.
◼ Talè konsa n ap voye fich envitasyon nan chak kongregasyon pou Memoryal ane 2010 la. Chak kongregasyon ap jwenn fich sa yo an kreyòl. Si nou ta renmen jwenn fich envitasyon nan lòt lang yo pale nan tèritwa a, fòk nou voye mande yo san pèdi tan sou yon fòmilè “Demann piblikasyon” (S-14). N ap voye di kongregasyon yo nan ki lang fich envitasyon Memoryal la ap disponib nan lèt “Anons pou tout kongregasyon”, yon lèt yo voye chak mwa. Tanpri, mande fich envitasyon sèlman nan lang nou bezwen pou tèritwa nou.