BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 9/09 p. 4
  • Anons

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Anons
  • Ministè Wayòm nan — 2009
Ministè Wayòm nan — 2009
km 9/09 p. 4

Anons

◼ Piblikasyon n ap ofri an septanm: Ki sa Labib anseye toutbonvre? N ap fè yon efò espesyal pou nou kòmanse etid biblik depi premye fwa nou rankontre moun yo. Si nou jwenn yon moun ki deja gen liv la, montre l ki jan li ka tire pwofi ladan l. Nou ka pran yon ti tan tou kout pou nou montre l ki jan yon etid biblik fèt. Oktòb: Toudegad ak Réveillez-vous ! Si moun n al vizite yo enterese, ofri yo feyè Èske w ta renmen konn Bib la pi byen? an, epi egzamine l avèk yo nan objektif pou nou kòmanse etid biblik.

◼ Y ap bay diskou espesyal pou epòk Memoryal 2010 la pandan semèn 12 avril 2010. Y ap voye tèm diskou sa a ban nou pi devan. Kongregasyon ki gen vizit siveyan sikonskripsyon, asanble sikonskripsyon oubyen jounen asanble espesyal nan wikenn nou sot di a, ap fè diskou espesyal la nan semèn apre a. Okenn kongregasyon pa dwe fè diskou espesyal la anvan semèn 12 avril la.

◼ Men kongregasyon ki fèk fòme: Karade (Taba); Lizon (Kwadèboukè); Payan (Miragwàn); Petyonvil Lang siy ameriken (Petyonvil); Pivè Ès (Senmak).

◼ L’Association Chrétienne “Les Témoins de Jéhovah d’Haïti” ap fè asanble jeneral pou ane a dimanch 25 oktòb 2009 nan Sal asanble Temwen Jewova yo ki nan Santo 20.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2026)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2026 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje