BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 9/09 p. 3
  • Annou chèche moun ki diy yo

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Annou chèche moun ki diy yo
  • Ministè Wayòm nan — 2009
  • Sou menm sijè a
  • Metòd pou nou preche bon nouvèl la
    Nou òganize pou nou fè volonte Jewova
  • Èske w gen tèritwa pèsonèl pa w ?
    Ministè Wayòm nan — 2006
  • Èske sa t ap itil ou si w ta gen yon tèritwa pèsonèl?
    Ministè Wayòm nan — 2013
  • Chèche moun ki diy yo
    Ministè Wayòm nan — 2003
Gade plis
Ministè Wayòm nan — 2009
km 9/09 p. 3

Annou chèche moun ki diy yo

1. Ki jan nou ka montre apresyasyon nou pou privilèj nou genyen pou nou patisipe nan ministè a?

1 Pandan ministè Jezi sou tè a, li te konn fè gwo efò pou l anonse moun ki enb yo bon nouvèl la, yon nouvèl ki t ap rekonfòte yo (Iza. 61:1, 2). Jodi a, antanke anbasadè e anvwaye k ap travay nan plas Kris, nou gen bèl privilèj pou nou imite Jezi lè nou chèche moun ki diy yo e lè nou fè sa avèk swen e avèk detèminasyon. — Mat. 10:11; 2 Kor. 5:20.

2. Ki jan Pòl te montre li se yon moun ki fleksib, e ki rezilta sa te bay?

2 Se pou nou fleksib: Apot Pòl te konn ale toudabò nan sinagòg yo pou l preche Juif yo ak pwozelit yo (Tra. 14:1). Nan vil Filip, li menm ak Silas t al chèche jwenn moun pou yo preche yon kote ‘yo te panse se yon andwa kote moun konn vin lapriyè’. Yo te kòmanse bay yon gwoup medam temwayaj, e youn ladan yo, Lidi, te aksepte laverite rapidman. — Tra. 16:12-15.

3. Anplis travay predikasyon kay an kay n ap fè nan tèritwa a, ki lòt okazyon nou genyen pou nou preche?

3 Anplis travay predikasyon kay an kay w ap fè nan tèritwa a, èske li posib pou w preche moun ou jwenn nan estasyon yo, sou plas piblik, nan biwo k ap chèche travay pou moun ki nan chomaj, nan lari kote gen anpil moun k ap pase, nan zòn ki gen magazen ak nan sant komèsyal ki nan tèritwa a? Gen moun k ap viv nan yon seri apatman yo rele kominote oubyen nan yon seri bilding ki gen baryè fèmen e ki gen sekirite nan antre yo, se sèlman si moun ki rete ladan yo envite w yo ka otorize w antre. Pou w rive bay moun sa yo temwayaj, petèt ou ka ekri yo oubyen ou ka kontakte yo nan telefòn. Lè nou montre nou se bon obsèvatè e nou montre nou fleksib nan diferan sitiyasyon nou rankontre nan tèritwa a, sa ap pèmèt nou gen “anpil bagay pou nou fè nan travay Seyè a”. — 1 Kor. 15:58.

4. Ki lòt posiblite nou genyen si kongregasyon nou an pa gen anpil tèritwa?

4 Plizyè pwoklamatè pwofite okazyon pou yo etann ministè yo lè yo deside deplase pou y al sèvi nan yon lòt kongregasyon nan peyi a oubyen nan yon lòt peyi. Gen pwoklamatè ki aprann yon lòt lang pou yo ka preche moun ki soti nan yon lòt peyi.

5. Ki sa nou ta dwe toujou sonje anrapò ak epòk n ap viv la, e ki sa nou ta dwe detèmine pou nou fè?

5 Nou tout dwe toujou sonje “jaden an se monn nan”. (Mat. 9:37; 13:38.) Lefètke fen sistèm mechan sa a prèske rive, nou chak nou dwe byen egzamine pwòp sitiyasyon nou, talan nou genyen, opòtinite nou jwenn ak posiblite nou genyen pou nou etann ministè nou. Si nou mete enterè Wayòm nan an premye nan lavi nou, Jewova ban nou asirans l ap beni efò sensè nou fè pou nou etann ministè nou. — Mat. 6:33.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2026)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2026 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje