Chif enteresan nan rapò sèvis la
Mwa avril la se te yon lòt mwa enteresan nan ane sèvis la paske nou te anrejistre 15 129 pwoklamatè. Pa gen dout nan sa, chif sa a gen ladan l anpil nouvo pwoklamatè ki te pwofite epòk Memoryal la pou yo te kòmanse soti nan predikasyon. Yon lòt chif enteresan ankò nan rapò mwa avril la, se kantite etid biblik nou te kondui ki te 30 920. Anplis de sa, nou te anrejistre 1 575 pyonye pèmanan. Chif sa a se yon nouvo maksimòm nan kantite pyonye pèmanan yo.