Revizyon pou Lekòl ministè teyokratik
Nan semèn 31 out 2009, yo pral egzamine kesyon ki vin apre yo nan lekòl ministè teyokratik la. Siveyan lekòl la ap dirije yon revizyon k ap dire 20 minit e ki baze sou tout asiyasyon yo te egzamine soti nan semèn 6 jiyè pou rive 31 out 2009.
1. Poukisa Lalwa te prevwa pèn de mò pou tout moun ki bay paran yo ‘madichon’? (Lev. 20:9) [wCR 04 1/6 p. 32 § 7]
2. Piske tout Izrayelit gason yo te dwe prezan nan fèt gato san ledven an, kiyès ki te konn rekòlte premye fwi lòj yo, fwi yo te konn pote nan sangtyè a? (Lev. 23:5, 11) [wF 07 15/7 p. 26 § 3]
3. Ki sa ane Jibile a te prefigire? (Lev. 25:10, 11) [wF 04 15/7 p. 26-27]
4. “Siy” yo mansyone nan Nonb 2:2 a, èske yo te gen yon siyifikasyon relijye pou Izrayelit yo? [wF 02 15/9 p. 21 § 4]
5. Ki etadespri minis aplentan yo demontre ki sanble ak etadespri Nazireyen yo te demontre nan Izrayèl tan lontan an? (Nonb 6:3, 5, 6) [wF 04 1/8 p. 24-25]
6. Ki prensip nan lwa konsènan retrèt Levit yo ki aplikab pou pèp Jewova a jodi a? (Nonb 8:25, 26) [wF 04 1/8 p. 25 § 1]
7. Ki jan Izrayelit yo te fè tonbe ap eksprime “dezi egoyis” yo te genyen, e ki leson kretyen jodi yo ka tire nan sa? (Nonb 11:4) [wF 01 15/6 p. 14-15; wF 95 1/3 p. 15 § 10]
8. Poukisa se sou Miryam sèlman lèp te tonbe, e ki leson enpòtan nou aprann nan sa? (Nonb 12:9-11) [wCR 04 1/8 p. 30 § 2; it-2 p. 295 § 1]
9. Lè Jozye ak Kalèb te di moun ki nan peyi Kanaran yo tankou “pen”, ki sa yo te vle di? (Nonb 14:9) [wF 06 1/10 p. 16 § 5; it-2 p. 472 § 3]
10. Nan Nonb 21:5, ki egzanp nou jwenn ki sèvi nou avètisman? [wF 99 15/8 p. 26-27]