Anons
◼ Piblikasyon n ap ofri an jiyè ak out: Nou ka ofri nenpòt nan bwochi 32 paj sa yo: Dieu se soucie-t-il vraiment de nous ?; Doit-on croire à la Trinité ?; Kontinye veye !; Le gouvernement qui établira le Paradis; Le nom divin qui demeure à jamais; Quand la mort frappe un être aimé...; Que devient-on quand on meurt ?; Quel est le but de la vie ? Comment le découvrir ?; Viv alèz sou tè a pou toutan !; “ Voici, je fais toutes choses nouvelles ”. Li ta bon pou kongregasyon yo ofri bwochi yo genyen plis nan stòk yo.
◼ Piske mwa out la gen senk wikenn okonplè, se pral yon bon mwa pou nou pran sèvis pyonye oksilyè.
◼ Lè y ap voye aplikasyon pou sèvis pyonye pèmanan nan biwo filyal la, li ta bon pou yo fè sa omwen 30 jou anvan dat moun nan prevwa kòmanse a. Sekretè kongregasyon an ap verifye si moun nan reponn tout kesyon yo. Si moun ki fè aplikasyon an pa ka sonje dat egzak li te batize a, l ap bay yon dat apeprè e apre sa l ap ekri dat sa a yon kote. Sekretè a ap note dat sa a nan fich Aktivite pwoklamatè a (S-21).