Anons
◼Janvye : Ki sa Labib anseye toutbonvre ? Si moun nan genyen l deja, ofri l nenpòt liv 192 paj ki gen po mou oswa nenpòt liv ki te parèt anvan ane 1992. Fevriye : Selon sa nou genyen ki disponib, n ap ofri youn nan liv ki vin apre yo : Y a-t-il un Créateur qui se soucie de vous ?, Sekrè pou gen kè kontan nan yon fanmi oswa La Bible : Parole de Dieu ou des hommes ? Mas : Ki sa Labib anseye toutbonvre ? N ap fè yon efò espesyal pou nou kòmanse etid biblik. Avril : Toudegad ak Réveillez-vous ! Lè nou retounen al vizite moun ki enterese yo, san wete moun ki te vini nan Memoryal la oswa nan lòt pwogram teyokratik, men ki poko patisipe regilyèman nan aktivite kongregasyon an, chèche ofri yo liv Sa Labib anseye a nan objektif pou nou kòmanse etid biblik ak yo.
◼ Apati mwa mas, siveyan sikonskripsyon yo ap bay yon nouvo diskou piblik ki gen tit : “ Nou dwe rejte fo espwa monn nan bay e nou dwe pousuiv reyalite Wayòm nan. ”
◼ Ane sa a, Memoryal la ap fèt jedi 9 avril, apre solèy la fin kouche. Kongregasyon yo dwe pran bonjan dispozisyon pou yo selebre Memoryal la. Byenke diskou a kapab kòmanse pi bonè, yo pa dwe pase anblèm yo anvan solèy la kouche. Verifye a ki lè solèy la ap kouche nan zòn nou an. Pou Memoryal la, li t ap pi bon pou chak kongregasyon fè pwòp selebrasyon pa l. Men, sa pa toujou posib. Kote ki gen plizyè kongregasyon ki itilize menm Sal Wayòm, petèt youn oswa plizyè nan yo ka chèche jwenn yon lòt lokal pou sware a. Kote sa posib, li ta bon pou gen omwen 40 minit ant selebrasyon yo. Sa ap pèmèt tout moun pwofite omaksimòm konpayi frè ak sè yo apre Memoryal la.