BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 12/08 p. 7
  • Anons

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Anons
  • Ministè Wayòm nan — 2008
Ministè Wayòm nan — 2008
km 12/08 p. 7

Anons

◼ Piblikasyon n ap ofri an desanm : Le plus grand homme de tous les temps. Si moun nou rankontre a gen timoun, n ap ofri l liv Koute gran anseyan an. Janvye : Ki sa Labib anseye toutbonvre ? Si moun nan genyen l deja, ofri l nenpòt liv 192 paj ki gen po mou oswa nenpòt liv ki te parèt anvan ane 1992. Fevriye : Selon sa nou genyen ki disponib, n ap ofri youn nan liv ki vin apre yo : Y a t-il un Créateur qui se soucie de vous ?, Sekrè pou gen kè kontan nan yon fanmi oswa La Bible : Parole de Dieu ou des hommes ? Mas : Ki sa Labib anseye toutbonvre ? N ap fè yon efò espesyal pou nou kòmanse etid biblik.

◼ Nan ane 2009 la, Memoryal la ap fèt jedi 9 avril, apre solèy fin kouche. Gen kèk kote, plizyè kongregasyon itilize menm Sal Wayòm, e sa oblije yo chèche lòt lokal pou sikonstans lan. Nòt sa a vini alavans yon fason pou frè yo ka gentan fè rezèvasyon oubyen pou yo gentan siyen kontra pou yo jwenn lokal disponib. Nan kontra ansyen yo ap fè a, yo dwe antann yo ak moun ki responsab lokal la pou okenn lòt aktivite k ap fèt nan lokal la pa deranje yo, yon fason pou Memoryal la ka fèt nan lòd ak lapè.

◼ Siveyan prezidan an ap chwazi yon moun pou verifye kont kongregasyon an pou mwa septanm, oktòb ak novanm. Se pa menm moun nan ki ta dwe fè verifikasyon yo chak fwa. Lè verifikasyon an fin fèt, y ap fè kongregasyon an konn sa nan pwochen rapò sèvis kont lan. — Gade nan fòmilè Enstriksyon pou kontablite kongregasyon an (S-27).

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2026)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2026 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje