BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 11/08 p. 1
  • Prepare nouvo yo pou yo fè fas ak opozisyon

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Prepare nouvo yo pou yo fè fas ak opozisyon
  • Ministè Wayòm nan — 2008
  • Sou menm sijè a
  • Rete atache ak òganizasyon Jewova a
    Nou òganize pou nou fè volonte Jewova
  • Ou kapab ret fidèl menm lè w jwenn opozisyon
    Ou kapab viv ak kè kontan pou toutan! — Yon liv k ap ede w konn Bib la
  • “Se pou andirans lan fin fè travay li nèt”
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2016
  • Fason pou n kontinye gen kè kontan lè n ap andire eprèv
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2021
Gade plis
Ministè Wayòm nan — 2008
km 11/08 p. 1

Prepare nouvo yo pou yo fè fas ak opozisyon

1 Lè moun yo kòmanse etidye Labib e yo “ vle viv ak atachman pou Bondye ”, se yo menm espesyalman Satan vize (2 Tim. 3:12). Gendwa se kòlèg travay, kamarad lekòl oubyen vwazinaj ki opoze ak yo. Sa ka pi difisil pou yo lè se moun nan fanmi yo ki opoze ak yo, malgre moun sa yo gen bon entansyon. — Mat. 10:21 ; Mak 3:21.

2 Bib la te predi t ap gen opozisyon : Gen yon bagay nouvo yo dwe konprann : se pou yo atann y ap jwenn pèsekisyon, se yon prèv ki montre yo vin vrè disip Kris (Jan 15:20). Pafwa, lòt moun konn opoze, sa rive petèt paske yo gen yon move konsepsyon sou Temwen Jewova. Men sonje, lè yo dezonore yon moun paske l vin disip Jezi e paske l ap obeyi Bondye, sa ba l yon gwo jwa (Tra. 5:27-29, 40, 41). Bay nouvo yo asirans Jewova ap soutni yo, e l ap fè sa avèk amou (Sòm 27:10 ; Mak 10:29, 30). Lefètke yo kenbe entegrite yo sa fè yo pran pozisyon bò kote Jewova nan kesyon souvrènte inivèsèl la. — Pwo. 27:11.

3 Wòl konesans egzak la jwe : Nou bezwen fè etidyan yo konprann li enpòtan pou yo kontinye chèche gen konesans egzak malgre eprèv y ap rankontre. Satan sèvi ak opozisyon pou l anpeche verite y ap aprann yo pran rasin nan kè yo (Pwo. 4:23 ; Lik 8:13). Yo dwe kontinye gen konesans egzak sou Pawòl Bondye a dekwa pou yo vin anrasinen byen djanm nan lafwa. — Sòm 1:2, 3 ; Kol. 2:6, 7.

4 Yo bezwen andirans : Kèlkeswa sitiyasyon difisil nouvo yo ap rankontre, li trèzenpòtan pou yo gen andirans, sa ka pote bon rezilta (Lik 21:16-19). Lè yo andire devan opozisyon, sa pwofitab ni pou yo ni pou lòt moun. Yo vin wè Jewova gen kapasite pou l vide benediksyon sou moun ki andire fidèlman. — Jak 1:12.

5 Apot Pòl te rejwi devan pwogrè espirityèl frè Tesalonik yo te fè. Li te remèsye Bondye pou yo, e anpil nan yo se moun li te ede nan laverite (2 Tes. 1:3-5). Nou menm tou, nou ka gen menm jwa sa a e nou ka gen menm satisfaksyon an, si nou prepare etidyan nou yo nonsèlman pou yo fè fas ak opozisyon yo rankontre men tou pou yo andire.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2026)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2026 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje