BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 7/08 p. 3
  • Anons

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Anons
  • Ministè Wayòm nan — 2008
Ministè Wayòm nan — 2008
km 7/08 p. 3

Anons

◼ Piblikasyon n ap ofri an jiyè ak out : Nou ka ofri nenpòt nan bwochi 32 paj sa yo : Dieu se soucie-t-il vraiment de nous ? ; Doit-on croire à la Trinité ? ; Kontinye veye ! ; Le gouvernement qui établira le Paradis ; Le nom divin qui demeure à jamais ; Quand la mort frappe un être aimé... ; Que devient-on quand on meurt ? ; Quel est le but de la vie ? Comment le découvrir ? ; Viv alèz sou tè a pou toutan ! ; “ Voici, je fais toutes choses nouvelles ”. Nan kèk pati nan monn nan, li ka apwopriye pou nou ofri bwochi ki vin annapre yo : Un livre pour tous ; Une vie pleinement satisfaisante : Comment ? ; Nos problèmes — Qui nous aidera à les résoudre ? ; Les esprits des morts — Peuvent-ils vous aider ou vous nuire ? Existent-ils vraiment ? ; La route qui mène à la vie éternelle : L’avez-vous trouvée ? ; Connaîtrons-nous un jour un monde sans guerre ? Li ta bon pou kongregasyon yo ofri bwochi yo genyen plis nan stòk yo. Septanm : Ki sa Labib anseye toutbonvre ? N ap fè yon efò espesyal pou nou kòmanse etid biblik depi premye fwa nou rankontre moun yo. Si nou jwenn yon moun ki deja gen liv la, montre l ki jan li ka tire pwofi ladan l. Pou nou fè sa, rapidman, nou ka montre l ki jan yon etid biblik fèt. Oktòb : Toudegad ak Réveillez-vous ! Si moun n al vizite yo enterese, ofri yo feyè Èske w ta renmen konn Bib la pi byen ? an, epi egzamine l avèk yo nan objektif pou nou kòmanse etid biblik.

◼ Piske mwa out la gen senk wikenn okonplè, se pral yon bon mwa pou nou pran sèvis pyonye oksilyè.

◼ Apati mwa septanm, siveyan sikonskripsyon yo pral bay yon diskou piblik ki gen tèm “ Annou mache nan chemen entegrite a. ”

◼ Filyal la pa egzekite demann pèsonèl moun fè pou piblikasyon. Siveyan prezidan an dwe pran dispozisyon pou fè yon anons chak mwa, anvan yo voye demann piblikasyon kongregasyon an gen pou mwa a bay filyal la. Konsa, tout moun ki enterese gen kèk piblikasyon kapab fè frè ki responsab piblikasyon an konn sa. Tanpri, sonje gen yon seri piblikasyon, se kòmann espesyal yo ye.

◼ Envantè stòk piblikasyon ak peryodik nou genyen yo ta dwe fèt 31 out 2008, oubyen osito sa posib apre dat sa a. Envantè sa a sanble ak verifikasyon kowòdinatè piblikasyon an abitye fè chak mwa. Y ap ekri total piblikasyon yo ak total peryodik yo jwenn nan fòmilè Inventaire des publications (S-18). N ap jwenn total peryodik ki disponib yo nan men sèvitè peryodik la. Se sekretè kongregasyon kowòdinatris la k ap sipèvize envantè a. Se li menm ak siveyan prezidan kongregasyon kowòdinatris la k ap siyen fòmilè a. Chak kongregasyon kowòdinatris ap resevwa twa fòmilè Inventaire des publications. Tanpri, voye fèy orijinal la bay filyal la 6 septanm pou pi ta. Konsève yon kopi nan dosye nou. Twazyèm kopi a ap sèvi kòm bouyon.

◼ Se liv Sa Labib anseye a nou dwe itilize pou nou kòmanse etid piblik ak moun yo e se ladan l nou dwe kontinye etid la olye nou sèvi ak bwochi Bondye vle a. Nou ka kontinye kite bwochi Bondye vle a pou moun yo nan predikasyon jiskaske stòk la fini.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2026)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2026 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje