BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 5/08 p. 3
  • Repons kesyon w yo

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Repons kesyon w yo
  • Ministè Wayòm nan — 2008
  • Sou menm sijè a
  • Jewova ban nou fòmasyon pou nou fè travay la
    Ministè Wayòm nan — 2011
  • Yon lekòl ki ekipe nou pou aktivite ki pi enpòtan nan lavi a
    Ministè Wayòm nan — 2002
  • Poukisa nou bezwen gen rekonesans?
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2019
  • Enstriksyon pou siveyan lekòl la
    Byen pwofite Lekòl ministè teyokratik la
Gade plis
Ministè Wayòm nan — 2008
km 5/08 p. 3

Repons kesyon w yo

◼ Èske li apwopriye pou moun nan oditwa a bat bravo apre chak patisipasyon nan Lekòl ministè teyokratik ak nan reyinyon sèvis ?

Lè Jewova, Kreyatè a, te kreye tè a, ‘ etwal dimaten yo t ap pouse kri lajwa ansanm, e tout pitit Bondye yo te pran bat bravo ’. (Jòb 38:7.) Zanj sa yo, ki se pitit Bondye, te vle ba l louwanj pou travay estrawòdinè li te fè, anpalan de bèl travay kreyasyon li te fè a, ki te yon nouvo fason Jewova te manifeste sajès li, bonte l ak pisans li.

Kidonk, li bon pou nou eksprime rekonesans nou pou efò frè yo fè e pou sijè yo prezante a. Pa egzanp, jeneralman nou bat bravo pou diskou ak demonstrasyon ki fèt nan okazyon espesyal yo tankou nan asanble yo ak nan kongrè yo. Patisipasyon yo prezante nan okazyon sa yo mande plis tan ak plis preparasyon. Konsa, lè nou bat bravo, nonsèlman nou montre nou apresye efò oratè a te fè pou l prepare patisipasyon an, men tou nou montre rekonesans nou pou enstriksyon Jewova ban nou pa mwayen Pawòl li a e pa mwayen òganizasyon l lan. — Iza. 48:17 ; Mat. 24:45-47.

Men, èske nou ka bat bravo apre patisipasyon ki fèt nan Lekòl ministè teyokratik la ak nan reyinyon sèvis la ? Pa gen yon règ ki entèdi moun fè sa, si se yon bagay kè nou pouse nou fè tou natirèlman, pa egzanp apre yon etidyan fin prezante premye patisipasyon l nan lekòl la. Sepandan, sa ka vin tounen yon bagay machinal ki pa eksprime okenn apresyasyon. Se sa k fè nòmalman nou pa bat bravo apre chak patisipasyon nan de reyinyon sa yo.

Byenke nou pa bat bravo pou pifò patisipasyon nan Lekòl ministè teyokratik ak reyinyon sèvis, gen lòt fason nou ka eksprime apresyasyon nou pou enstriksyon nou resevwa yo e pou efò moun ki prezante patisipasyon yo te fè. Nou ka fè sa lè nou suiv avèk anpil atansyon sa moun ki gen patisipasyon yo ap di. Apre reyinyon an, souvan li posib pou nou pale dirèkteman ak moun ki te gen patisipasyon yo pou nou felisite yo. — Efe. 1:15, 16.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2026)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2026 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje