BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 4/08 p. 1
  • “ Montre nou rekonesan ”

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • “ Montre nou rekonesan ”
  • Ministè Wayòm nan — 2008
  • Sou menm sijè a
  • “ Montre nou rekonesan ”
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2003
  • Poukisa nou bezwen gen rekonesans?
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2019
  • Yon priyè remèsiman
    ‘Ann chante ak kè kontan’ pou Jewova
  • Annou montre nou rekonesan
    Ministè Wayòm nan — 2011
Gade plis
Ministè Wayòm nan — 2008
km 4/08 p. 1

“ Montre nou rekonesan ”

1 Lè Jezi te geri dis moun ki te gen lèp yo, se yon sèl nan yo ki te tounen al di l mèsi. Jezi te mande : “ Toule dis te pirifye, pa vre ? Donk, kote nèf lòt yo ? ” ​(Lik 17:11-19). Se pa ti enpòtan sa enpòtan pou nou apresye tout bèl don ak tout kado pafè Papa nou ki nan syèl la ban nou, Papa nou an, Jewova Dye, ki donan e ki renmen nou, e pou nou montre rekonesans nou pou sa ! — Kol. 3:15 ; Jak 1:17.

2 Pou ki bagay konsa nou dwe montre nou rekonesan ? Nou rekonesan pou ranson an, pi gwo kado Bondye fè lèzòm (Jan 3:16). Anplis de sa, nou rekonesan anvè Jewova lefètke li atire nou vin jwenn li (Jan 6:44). Yon lòt rezon nou genyen pou nou rekonesan, se inite ki egziste nan mitan nou antanke kretyen (Sòm 133:1-3). Pa gen dout, nou ka reflechi sou anpil lòt bagay nou resevwa nan men Jewova. Nou dwe veye pou nou pa janm vin tankou Izrayelit ki te engra yo, yo menm ki te bliye aksyon estrawòdinè Jewova te akonpli an favè yo. — Sòm 106:12, 13.

3 Demontre nou gen rekonesans : Menmsi tout dis moun ki te gen lèp yo ka te apresye sa Jezi te fè pou yo a, men se yon sèl nan yo ki te montre li rekonesan (Lik 17:15). Menm jan an tou, nou demontre nou gen rekonesans lè nou patisipe nan ministè a avèk zèl. Si nou vrèman rekonesan pou tout sa Papa nou ki nan syèl la fè pou nou, Papa ki renmen nou an, kè nou ap pouse nou imite lanmou ak jenewozite li genyen, konsa n ap pale de li ak lòt moun (Lik 6:45). Ansuit, toutpandan n ap rakonte lòt moun ‘ aksyon estrawòdinè Jewova akonpli pou nou ak panse li genyen pou nou ’, lanmou nou pou Jewova ap ogmante e rekonesans nou gen anvè l ap ogmante tou. — Sòm 40:5.

4 Ankouraje lòt moun pou yo gen rekonesans : Nou dwe chèche fason pou nou ede pitit nou ak etidyan nou yo pou yo vin gen plis rekonesans. Paran yo gen anpil okazyon pou yo fè sa. Pa egzanp, yo ka fè sa lè yo menm ak pitit yo ap admire bagay Jewova kreye yo (Wom. 1:20). Lè n ap kondui yon etid biblik, nou ka mande etidyan an “ ki sa bagay sa a aprann nou sou jan de moun Jewova ye ? ” Toutpandan rekonesans etidyan an genyen ap ogmante, se konsa tou lanmou l pou Bondye ap ogmante e l ap vin gen plis detèminasyon pou l fè Bondye plezi.

5 Nan dènye jou sa yo, anpil moun san rekonesans, yo engra (2 Tim. 3:1, 2). Se pa ti kontan sa fè Jewova kontan, lè l wè sèvitè l yo, ki devwe, demontre rekonesans yo lè yo patisipe nan ministè a avèk zèl. — Jak 1:22-25.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2026)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2026 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje