BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 4/08 p. 7
  • Revizyon pou Lekòl ministè teyokratik

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Revizyon pou Lekòl ministè teyokratik
  • Ministè Wayòm nan — 2008
Ministè Wayòm nan — 2008
km 4/08 p. 7

Revizyon pou Lekòl ministè teyokratik

Nan semèn 28 avril 2008, yo pral egzamine kesyon ki vin apre yo nan Lekòl ministè teyokratik la. Siveyan lekòl la ap dirije yon revizyon k ap dire 30 minit e ki baze sou tout asiyasyon yo te egzamine soti nan semèn 3 mas pou rive nan semèn 28 avril 2008.

TEKNIK POU MOUN BYEN PALE

1. Poukisa li enpòtan pou nou sèvi ak ouvraj yo bay kòm referans yo lè n ap prepare ekspoze nou yo, e ki jan nou ka fè sa ? [be p. 234 § 1–p. 235 § 1]

2. Poukisa li enpòtan anpil pou nou itilize kesyon lè n ap anseye ? [be p. 236 § 1-5]

3. Lè nou sèvi ak kesyon ki jan sa ka ede moun k ap koute nou yo pou yo rezone sou sijè n ap pale a ? [be p. 237 § 3–p. 238 § 1]

4. Lè n ap anseye, poukisa li enpòtan pou nou byen itilize kesyon pou nou ankouraje moun k ap koute nou yo eksprime santiman pwofon yo genyen ? (Pwo. 20:5 ; Mat. 16:13-16 ; Jan 11:26) [be p. 238 § 3-5]

5. Poukisa li enpòtan pou nou itilize konparezon lè n ap anseye ? (Jen. 22:17 ; Jer. 13:11) [be p. 240 § 1-3]

EKSPOZE NO. 1

6. Site kèk nan prensip ki nan liv Mak la ki kapab ede nou jwenn lavi anba dominasyon Wayòm nan. [si p. 186 § 32]

7. Ki jan lespri sen ede sèvitè Bondye yo jodi a ? (Jan 14:25, 26) [be p. 19 § 2-3]

8. Ki pi gwo pwofi nou jwenn lè nou fè lekti ? [be p. 21 § 3]

9. Ki sa etidye vle di ? [be p. 27 § 3–p. 28 § 1]

10. Ki jan Evanjil Lik la ede nou vin gen plis konviksyon Ekriti ebrayik yo se Bondye ki enspire yo ? [si p. 192 § 30-1]

LEKTI LABIB CHAK SEMÈN

11. Poukisa Jezi te korije yon mesye poutèt li te rele l “ Bon Anseyan ” ? (Mak 10:17, 18) [wCR 08 2/15 “ Pawòl Jewova a vivan : Pwen enteresan ki nan liv Mak la ”]

12. Anrapò ak nasyon Izrayèl la, Jezi te itilize yon pye fig frans pou l montre ki sa ? (Mak 11:12-14, 20, 21) [wF 03 15/5 p. 26 § 2-3]

13. Lè zanj Gabriyèl te di Mari l ap vin ‘ ansent ’, paske lespri sen ap vin sou li, e pisans Trèwo a ap kouvri l ak lonbray li, ki sa pawòl sa yo te vle di ? (Lik 1:30, 31, 34, 35) [wCR 08 3/15 “ Pawòl Jewova a vivan : pwen enteresan ki nan liv Lik la ” ; it-2 p. 20 § 3]

14. Èske se toutbon disip Jezi yo t ap fè ‘ yon bagay lalwa te defann nan jou saba a ’ ? (Lik 6:1, 2) [gt 31]

15. Ki leson nou ka aprann nan konsèy Jezi te bay Mat la ? (Lik 10:40-42) [wF 99 1/9 p. 31]

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2026)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2026 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje