Revizyon pou Lekòl ministè teyokratik
Nan semèn 25 jen 2007, yo pral egzamine kesyon ki vin apre yo nan Lekòl ministè teyokratik la. Siveyan lekòl la ap dirije yon revizyon k ap dire 30 minit e ki baze sou tout asiyasyon yo te egzamine soti nan semèn 7 me pou rive nan semèn 25 jen 2007. [Remak : Kote yo pa bay okenn referans apre yon kesyon, w ap bezwen fè pwòp rechèch pa w pou w jwenn repons yo. — Gade nan liv École du ministère la, p. 36-37.]
TEKNIK POU MOUN BYEN PALE
1. Ki sa nou ka fè pou nou diminye strès nou genyen dekwa pou nou amelyore kalite vwa nou lè n ap pale ? [be p. 184 § 3-p. 185 § 2]
2. Nan travay predikasyon an, kòman nou ka “ vin tout bagay pou tout kalite moun ” ? (1 Kor. 9:20-23) [be p. 186 § 2-4]
3. Ki jan nou ka imite egzanp Jewova bay nan fason li koute lòt moun ? (Jen. 18:23-33 ; 1 Wa 22:19-22) [be p. 187 § 1-2, 5]
4. Ki fason pratik nou ka ede lòt moun fè pwogrè nan domèn espirityèl ? [be p. 187 § 6–p. 188 § 3]
5. Poukisa nou ta dwe gen sousi pou nou demontre respè pou lòt moun ? [be p. 190 § 3, kare]
EKSPOZE No 1
6. Poukisa nou dwe fè efò pou nou touche kè moun n ap anseye yo ? [be p. 59 § 1]
7. Ki efè egzanp pa nou genyen sou moun n ap anseye yo ? [be p. 60 § 4]
8. Ki sa nou ka fè pou nou amelyore konvèsasyon nou genyen ak moun lakay nou ? [be p. 62 § 3]
9. Ki egzanp zèl, egzanp kouraj, Jeremi kite pou nou ? [si p. 129 § 36]
10. Ki asirans ki eksprime nan liv Lamantasyon an, toutfwa, poukisa deskripsyon li fè sou severite jijman Bondye kont mechan yo pwofitab ? [si p. 132 § 13]
LEKTI LABIB CHAK SEMÈN
11. Ann amoni ak eksperyans Jeremi te viv, jan sa dekri nan Jeremi 37:21, ki asirans nou kapab genyen ?
12. Poukisa Bawouk te di Jewova ‘ ajoute chagren sou doulè l ’, sa ki te lakòz li “ bouke ”, e ki premye reyaksyon Bawouk te genyen devan pwoblèm nan ? (Jer. 45:1-5)
13. Ki lè Babilòn te sispann gen moun abite l e ‘ tout peyi a nèt te tounen yon dezè ’ ? (Jer. 50:13)
14. Konsènan lapriyè, ki prensip ki parèt byen klè nan Lamantasyon 3:8, 9, 42-45 ?
15. Charyo Ezekyèl chapit 1 dekri a, ki sa l reprezante ?