BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 12/06 p. 5
  • Repons kesyon w yo

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Repons kesyon w yo
  • Ministè Wayòm nan — 2006
  • Sou menm sijè a
  • Fason nou jwenn kòb pou travay Wayòm nan
    Wayòm Bondye a ap dirije!
  • Ki kote n jwenn lajan pou n fè tout depans nou genyen yo?
    Ki moun k ap fè volonte Jewova jodi a?
  • Ki kote nou jwenn kòb pou nou fè travay n ap fè a?
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2015
  • “Bondye renmen moun ki bay ak kè kontan”
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2013
Gade plis
Ministè Wayòm nan — 2006
km 12/06 p. 5

Repons kesyon w yo

◼ Èske li t ap konvnab pou nou òganize aktivite pou rantre lajan, kote nou fè konnen se nan objektif pou ede kongregasyon an ?

Li kouran pou òganizasyon relijye yo òganize aktivite pou rantre lajan, tankou dine, aktivite komèsyal, oswa fèt. Byenke kèk moun kapab panse aktivite sa yo se pou yon bon kòz, men anfèt aktivite sa yo se mwayen pou mande lajan. Temwen Jewova yo pa chèche jwenn èd finansye nan fason sa a.

Men sa dezyèm nimewo Toudegad out 1879 te di anrapò ak rezon ki fè nou refize imite legliz yo e nou refize òganize aktivite pou nou rantre lajan : “ Nou kwè se JEWOVA k ap soutni ‘ Zion’s Watch tower ’, e toutotan se konsa sa ye, peryodik sa a pap janm mande lèzòm èd pou soutni l. Lè Sila ki di : ‘ Tout ajan ak tout lò ki nan montay yo se pou mwen yo ye ’ a sispann pèmèt nou jwenn fon ki nesesè, n ap konprann moman an rive pou n sispann pibliye peryodik sa a. ”

N ap kontinye suiv prensip biblik sa a ki di : “ Se pou chak moun fè jan l deside nan kè l, san se pa ak regrè oswa nan fòse, paske Bondye renmen moun ki bay ak lajwa. ” ​(2 Kor. 9:7). Gen bwat ofrann yo mete nan Sal Wayòm yo pou moun kapab fè ofrann volontè si yo vle (2 Wa 12:9). Temwen Jewova yo pa òganize aktivite pou yo rantre lajan, ni yo pa bay ofrann ak lide pou yo resevwa yon bagay anretou.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2026)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2026 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje