BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 12/06 p. 7
  • Revizyon pou Lekòl ministè teyokratik

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Revizyon pou Lekòl ministè teyokratik
  • Ministè Wayòm nan — 2006
Ministè Wayòm nan — 2006
km 12/06 p. 7

Revizyon pou Lekòl ministè teyokratik

Nan semèn 25 desanm 2006 la, yo pral egzamine kesyon ki vin apre yo nan Lekòl ministè teyokratik la. Siveyan lekòl la ap dirije yon revizyon k ap dire 30 minit e ki baze sou tout asiyasyon yo te egzamine soti nan semèn 6 novanm pou rive nan semèn 25 desanm 2006. [Remak : Kote yo pa bay okenn referans apre yon kesyon, w ap bezwen fè pwòp rechèch pa w pou w jwenn repons yo. — Gade nan liv École du ministère la, p. 36-37.]

TEKNIK POU MOUN BYEN PALE

1. Ki sa k ta dwe gide nou lè n ap chwazi pawòl ki apwopriye pou nou entwodui yon vèsè ? [be p. 148 § 4–p. 149 § 2]

2. Site kèk metòd nou kapab anplwaye pou nou asire nou nou byen met aksan sou mo ak ekspresyon n ap itilize. [be p. 151 § 4–p. 152 § 3]

3. Etandone anseye lòt moun pawòl Bondye se yon bagay ki serye, ki sa ki nesesè pou nou “ manyen pawòl verite a kòrèkteman ” ? (2 Tim. 2:15) [be p. 153 § 1-3, kare ; p. 154 § 1-2]

4. Ki sa nou ka fè pou nou rann aplikasyon nou fè ak vèsè nou li yo klè ? [be p. 154 § 4–p. 155 § 3]

5. Poukisa li enpòtan pou nou montre aklè valè pratik piblikasyon nou yo genyen, e site kèk fason nou kapab fè sa ? [be p. 157 § 1-5, kare]

EKSPOZE No 1

6. Nan ki sans Salomon te yon rasanblè ? [si-F p. 112 § 1-3]

7. Ki jan liv Eklezyas la ann amoni ak ansèyman Jezi yo ? [si-F p. 114 § 16]

8. Ki prèv ki montre liv Chan Salomon an se yon liv ki fè pati kanon Bib la ? [si-F p. 115-16 § 3-4]

9. Ki jan woulo liv Izayi a yo te jwenn nan zòn lanmè Mòt bay prèv konvenkan Bib nou gen nan men nou an jodi a reprezante ekri enspire orijinèl yo ? [si-F p. 118-19 § 6]

10. Ki sa ki ka ede yon oratè pou l pa sèvi ak yon bann nòt ? [be p. 42 § 2]

LEKTI LABIB CHAK SEMÈN

11. Nan ki sans “ Sila yo k ap chèche Jewova kapab konprann tout bagay ” ? (Pwo. 28:5)

12. Nan ki sans “ travay di moun ki san konprann yo fè fè yo fatige ” ? (Ekl. 10:15)

13. Ki jan jèn fi Choulamit la te pwouve li te tankou yon jaden ki bare ”, e ki jan li se yon bèl egzanp pou kretyèn ki selibatè yo ? (Chan 4:12)

14. Lè Jewova te envite Izrayelit yo pou yo “ mete bagay yo annòd ”, èske se montre li t ap montre li te vle negosye yon akò rezonab ak pèp li a ? (Iza. 1:18a)

15. Ki jan Izayi 11:6-9 te jwenn yon akonplisman nan tan ansyen yo, e ki jan li jwenn yon pi gwo akonplisman ?

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2026)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2026 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje