BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 5/06 p. 3
  • Anons

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Anons
  • Ministè Wayòm nan — 2006
Ministè Wayòm nan — 2006
km 5/06 p. 3

Anons

◼ Piblikasyon n ap ofri an me : Toudegad ak Réveillez-vous ! (youn nan chak). Lè nou retounen al vizite moun ki enterese yo, si gen nan yo ki te asiste Memoryal la oubyen ki te asiste yon lòt pwogram teyokratik, men ki poko patisipe regilyèman nan aktivite kongregasyon an, fè yon efò espesyal pou nou kòmanse yon etid biblik avèk yo nan liv Sa Labib anseye a. Jen : Liv Koute gran Anseyan an. Si moun nou rankontre a di li pa gen pitit, ofri l liv Bonheur familial la oswa liv Sa Labib anseye a. Fè efò pou nou kòmanse yon etid biblik ak moun nan. Jiyè ak out : Nou kapab ofri nenpòt nan bwochi 32 paj sa yo : Dieu se soucie-t-il vraiment de nous ? ; Doit-on croire à la Trinité ? ; Le gouvernement qui établira le Paradis ; Le nom divin qui demeure à jamais ; Les esprits des morts — Peuvent-ils vous aider ou vous nuire ? Existent-ils vraiment ? ; Quand la mort frappe un être aimé... ; Que devient-on quand on meurt ? ; Quel est le but de la vie ? Comment le découvrir ? ; Un livre pour tous ; Viv alèz sou tè a pou toutan ! ; oswa “ Voici, je fais toutes choses nouvelles ”.

◼ Piske mwa jiyè a ap gen senk wikenn okonplè, se pral yon bon mwa pou nou pran sèvis pyonye oksilyè.

◼ Siveyan prezidan an, oubyen yon lòt moun li chwazi, ta dwe verifye kont kongregasyon an 1ye jen, oubyen osito sa posib apre dat sa a. Si gen yon kont apa, tankou pou antretyen oubyen pou konstriksyon, ta dwe gen dispozisyon ki pran pou yo verifye kont sa a tou. Lè verifikasyon an fin fèt, y ap fè kongregasyon an konn sa, apre yo fin li rapò sèvis kont lan.

◼ NÒT ESPESYAL : Ann Ayiti, si yon moun vle fè yon ofrann pou travay mondyal la oswa pou konstriksyon Sal Wayòm pa mwayen yon chèk, li dwe fè l sou non “ Association chrétienne ‘ les Témoins de Jéhovah d’ Haïti ’ ”. Ozetazini, chèk yo fè nan kongrè distri oswa chèk y ap voye bay filyal la dwe fèt sou non “ Watch Tower ”. Adrès la se : Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania, c/o Office of the Secretary and Treasurer, 25 Columbia Heights, Brooklyn, NY 11201-2483.

◼ Lè y ap voye aplikasyon pou sèvis pyonye pèmanan nan biwo filyal la, li ta bon pou yo fè sa omwen 30 jou anvan dat moun nan prevwa kòmanse a. Sekretè kongregasyon an ap verifye fich la pou l wè si moun nan reponn tout kesyon yo. Si moun ki fè aplikasyon an pa ka sonje dat egzak li te batize, l ap bay yon dat apeprè e apre sa l ap ekri dat sa a yon kote. Sekretè a ap note dat sa a nan fich Aktivite pwoklamatè a (S-21).

◼ Nou raple sekretè kongregasyon yo, si yo poko fè sa, pou yo voye fòmilè Mande lojman pou ka patikilye yo (CO-5-CR) mwa sa a bay siveyan sèvis lojman kongrè distri kongregasyon an pral asiste a.

◼ Chak fwa gen yon pyonye pèmanan ki radye oubyen ki kite sèvis la pou kèlkeswa rezon an, sekretè kongregasyon an dwe ranpli pati “ Interruption ” ki nan lèt nominasyon pyonye pèmanan an (S-202-F). Lèfini, y ap voye l nan filyal la san pèdi tan.

◼ Nouvo kongregasyon ann Ayiti : Petyonvil Nò (Petyonvil) ak Pivè (Senmak).

◼ Men Sal Wayòm ki fèk bati ak sa ki fèk renove : Ansafolè (Ansafolè), Gonayiv (Gonayiv), Kap Ayisyen (Kap Ayisyen), Majofre (Ansapit), Petitans (Kap Ayisyen) ak Senlwidinò (Senlwidinò).

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2026)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2026 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje