BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 4/06 p. 1
  • Fason pou nou rete zele

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Fason pou nou rete zele
  • Ministè Wayòm nan — 2006
  • Sou menm sijè a
  • “Se pou nou chofe grasa lespri a”
    Ministè Wayòm nan — 2009
  • Èske n ‘zele pou n fè bèl travay’?
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2013
  • Annou montre nou gen zèl nan vrè adorasyon an
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2010
  • Èske w suiv Kris ak tout kè w?
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2010
Gade plis
Ministè Wayòm nan — 2006
km 4/06 p. 1

Fason pou nou rete zele

1 Lè nou konsidere jan Apolòs te akonpli ministè li avèk zèl, sa ka fè nou panse ak kretyen parèy nou yo jodi a k ap fè travay predikasyon an avèk zèl (Tra. 18:24-28). Sepandan, egzòtasyon sa a konsène nou tout : “ Pinga nou trennen nan okipasyon nou. Se pou nou chofe grasa lespri a. ” ​(Wom. 12:11). Ki sa k ap ede nou vin zele nan ministè a e pou nou konsève zèl sa a ?

2 Nouri avèk konesans : Apre Jezi te fin parèt devan de nan disip li yo e li “ te entèprete pou yo bagay ki konsène l nan tout Ekriti yo ”, men remak yo te fè : “ Èske kè nou pa t chofe pandan li t ap pale avèk nou sou wout la ? ” ​(Lik 24:27, 32). Menm jan an tou, èske kè nou pa chofe lè konpreyansyon nou sou Pawòl Bondye a ogmante ? Wi, se konesans ki nouri lafwa. Women 10:17 fè konnen : “ Lafwa pran nesans grasa sa nou tande a. ” Lè kè nou ranpli ak konfyans nan pwomès Jewova yo, nou tou senpleman pa ka sispann pale konsènan bagay nou aprann ! — Sòm 145:7 ; Tra. 4:20.

3 Pou lanmou nou pou Bondye ret solid e pou nou gen anpil zèl nan sèvis li, nou pa ka konte sèlman sou konesans nou genyen grasa etid nou te deja fè. Nou dwe kontinye ogmante konpreyansyon nou sou laverite e nou dwe apwofondi lanmou nou pou Jewova. Si nou pa fè sa, ofiramezi sèvis n ap ba li ka vin tounen yon woutin (Rev. 2:4). Pawòl Bondye a ankouraje nou pou nou “ kontinye grandi nan konesans egzak sou Bondye ”. — Kol. 1:9, 10.

4 Abitid etid nou : Li bon pou nou egzamine abitid etid nou. Pa egzanp, nou ka konn souliye repons nan atik Toudegad n ap etidye yo e petèt nou konn fè kòmantè ki kòrèk. Men, èske nou chèche vèsè yo site yo e nou reflechi sou fason nou ka aplike pwen y ap diskite yo nan lavi nou ? Nan lekti Labib nou gen pou nou fè chak semèn, èske nou fè efò pou nou fè rechèch anplis si sitiyasyon nou pèmèt nou, e èske nou medite sou leson ki gen ladan yo (Sòm 77:11, 12 ; Pwo. 2:1-5) ? N ap jwenn anpil byenfè lè nou reflechi sou Pawòl Bondye a e lè nou plonje ladan l (1 Tim. 4:15, 16). Etid pwofon konsa ap nouri kè nou e l ap ban nou fòs pou nou “ zele pou fè bèl travay ”. — Tit 2:14.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2026)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2026 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje