Anons
◼ Piblikasyon n ap ofri an desanm : Le plus grand homme de tous les temps. Si nou pa genyen l, nou ka ofri La Bible : Parole de Dieu ou des hommes ? ; Liv istwa biblik mwen an ; oswa Vous pouvez vivre éternellement sur une terre qui deviendra un paradis. Janvye : Nenpòt liv ki te parèt anvan 1991 kongregasyon an genyen nan stòk li. Si nou pa gen youn ladan yo, tcheke pou n wè si kongregasyon nan zòn nan pa genyen nan liv sa yo ki rete nan stòk pa yo. Si gen kongregasyon ki pa gen ansyen liv sa yo, ofri liv Konesans lan. Fevriye : Approchez-vous de Jéhovah. Si nou pa genyen l, nou ka ofri La vie : comment est-elle apparue ? Évolution ou création ? oubyen La Révélation : le grand dénouement est proche ! Mas : Ki sa Labib anseye toutbonvre ? Nou pral fè yon efò espesyal pou nou kòmanse etid biblik. Si moun n ap pale avè l la deja gen liv sa a, nou ka prezante l Prêtons attention à la prophétie de Daniel !
◼ Biwo filyal ki nan Brooklyn, Patterson ak Wallkill, nan New York, ap fèmen nan dat nou pral site la yo : 11 mas 2006 (gradyasyon Gileyad), 12-13 me 2006 (netwayaj prentan), 9 septanm 2006 (gradyasyon Gileyad), e 7 oktòb 2006 (reyinyon anyèl Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania). Nan dat sa yo, pap gen aranjman ki fèt pou moun vizite lokal sa yo, e pap gen piblikasyon disponib pou kongregasyon yo.
◼ Samdi 13 me 2006, filyal la ap fèmen pou netwayaj prentan. Jou sa a, li pap posib ni pou moun vizite filyal la ni pou kongregasyon vin pran piblikasyon.
◼ Talè konsa, n ap voye fich envitasyon pou Memoryal ane 2006 la nan tout kongregasyon. Chak kongregasyon ap jwenn fich sa yo an kreyòl. Si nou ta renmen jwenn fich envitasyon pou moun nan tèritwa nou ki pale lòt lang, fòk nou voye mande yo san pèdi tan sou fòmilè Demande de publications (S-14). Nan lèt “ Anons pou tout kongregasyon yo ”, y ap voye di kongregasyon yo nan ki lang fich envitasyon Memoryal la ap disponib. Tanpri, mande fich envitasyon sèlman nan lang nou bezwen pou tèritwa nou.
◼ An 2007, Memoryal la ap fèt lendi 2 avril, apre solèy la fin kouche. Gen kèk kote, plizyè kongregasyon itilize menm Sal Wayòm, e sa oblije yo chèche lòt lokal pou sikonstans lan. Nòt sa a vini alavans yon fason pou frè yo ka gentan fè rezèvasyon oubyen pou yo gentan siyen kontra pou yo jwenn lòt lokal. Nan kontra ansyen yo ap fè a, yo dwe antann yo ak moun ki responsab lokal la pou okenn lòt aktivite k ap fèt nan lokal la pa deranje yo, yon fason pou Memoryal la ka fèt nan lòd ak lapè.
◼ Etandone enpòtans Memoryal la genyen, lè kolèj ansyen yo ap chwazi oratè pou Memoryal la, yo ta dwe chwazi youn nan ansyen ki pi kalifye yo, olye pou yo annik fè yon woulman oswa pou yo sèvi ak menm frè a chak ane. Si youn nan ansyen yo se yon kretyen wen ki byen kalifye kòm oratè, se li menm y ap chwazi pou fè diskou a.