Revizyon pou Lekòl ministè teyokratik
Nan semèn 31 oktòb 2005, yo pral egzamine kesyon ki vin apre yo aloral nan Lekòl ministè teyokratik la. Siveyan lekòl la ap dirije yon revizyon k ap dire 30 minit e ki baze sou tout asiyasyon yo te egzamine yo, soti nan semèn 5 septanm pou rive nan semèn 31 oktòb 2005. [Remak : Kote yo pa bay okenn referans apre yon kesyon, w ap bezwen fè pwòp rechèch pa w pou w jwenn repons yo. — Gade nan liv École du ministère la, p. 36-7.]
TEKNIK POU MOUN BYEN PALE
1. Ki sa nou ka fè pou nou sèten ansèyman n ap bay ki soti nan Pawòl Bondye a touche kè senbolik moun k ap koute nou yo ? (Mat. 13:19) [be p. 258 § 1-2, kare]
2. Ki sa ki ka ede nou fè moun yo di sa k nan kè yo, men, ki sa nou dwe sonje ? [be p. 259 § 2-3]
3. Lè n ap anseye, poukisa li enpòtan pou nou mete aksan sou bèl kalite Jewova yo ? [be p. 260 § 1]
4. Ki jan nou ka ede etidyan nou yo disène nan ki domèn yo bezwen pwogrese ? [be p. 260 § 4-p. 261 § 1]
5. Kòman nou ka ede moun k ap etidye Labib ak nou yo oubyen moun k ap koute nou yo pou yo analize mobil ki pouse yo fè yon bagay ? [be p. 262 § 2-3]
EKSPOZE No 1
6. Ki sa ‘ chèche Jewova toutbonvre ’ vle di, e ki jan nou ka montre n ap fè sa ? (Ebre 11:6) [wF 03 15/8 p. 25 § 2 ; p. 26 § 1-2 ; p. 27 § 1]
7. Ki sa “ modèl pawòl ki pwofitab yo ” ye, e kòman ansyen yo ka montre yo konsève l ? (2 Tim. 1:13, 14) [wF 03 1/1 p. 29 § 2–p. 30 § 1]
8. Ki sa ekspresyon “ kanon Bib la ” siyifi, epi site kèk kritè ki pèmèt yo detèmine si yon liv fè pati kanon Bib la ? [si-F p. 299 § 5-6]
9. Poukisa Kanon Miratori a, ki te egziste depi nan dènye mwatye dezyèm syèk epòk nou an gen yon enpòtans kapital pou pwouve Ekriti grèk yo fè pati kanon Bib la ? [si-F p. 302 § 19]
10. Ki otorizasyon pou tradui Labib Ekriti yo yo menm bay, e ki objektif ansyen tradiksyon Labib yo te reyalize ? [si-F p. 307 § 9]
LEKTI LABIB CHAK SEMÈN
11. Èske 2 Wa 13:21 apiye kwayans moun yo genyen pou yo venere yon seri objè relijye yo konsidere kòm sakre ?
12. Èske Izkiya te fè yon alyans avèk Ejip ? (2 Wa 18:19-21, 25)
13. Byenke liv istwa Asiryen yo pa mansyone espesyalman kokenn defèt Jewova te fè Senakerib sibi a, ki sa nou twouve ki enteresan nan sa ki rapòte nan rejis sa yo ? (2 Wa 19:35, 36)
14. Kiyès ki te papa Cheyaltyèl (1 Kwo. 3:16-18) ?
15. Nan epòk wa Sayil, nan ki sans Ribenit yo, Gadit yo ansanm ak demi tribi Manase a te kite yon bèl egzanp pou tout sèvitè Bondye jodi a ? (1 Kwo. 5:18-22)