BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 7/05 p. 3
  • Anons

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Anons
  • Ministè Wayòm nan — 2005
Ministè Wayòm nan — 2005
km 7/05 p. 3

Anons

◼ Piblikasyon n ap ofri an jiyè ak out : Nou kapab ofri nenpòt nan bwochi 32 paj sa yo : Dieu se soucie-t-il vraiment de nous ? ; Doit-on croire à la Trinité ? ; Le gouvernement qui établira le Paradis ; Le nom divin qui demeure à jamais ; Quand la mort frappe un être aimé... ; Que devient-on quand on meurt ? ; Quel est le but de la vie ? Comment le découvrir ? ; Viv alèz sou tè a pou toutan ! ; oswa “ Voici, je fais toutes choses nouvelles ”. Septanm : Y a-t-il un Créateur qui se soucie de vous ? Oubyen nou ka ofri liv La vie : comment est-elle apparue ? Évolution ou création ? Oktòb : La Tour de Garde ak Réveillez-vous ! Si moun n al vizite yo enterese, ofri yo bwochi Bondye vle a. Fè yon efò espesyal pou nou kòmanse etid biblik.

◼ Apati mwa septanm, tit diskou piblik siveyan sikonskripsyon yo ap bay la se : “ Poukisa nou dwe kite Bib la gide nou ? ”

◼ Lè y ap voye aplikasyon pou sèvis pyonye pèmanan nan biwo filyal la, li ta bon pou yo fè sa omwen 30 jou anvan dat moun nan prevwa kòmanse a. Sekretè kongregasyon an dwe verifye fich la pou li sèten li ranpli nèt. Si moun ki fè aplikasyon an pa ka sonje dat egzak li te batize, l ap bay yon dat apeprè e apre sa l ap ekri dat sa a yon kote. Sekretè a ap note dat sa a nan fich Aktivite pwoklamatè a (S-21).

◼ Lè n ap preche tèritwa ki pa sou kont okenn kongregasyon, pwoklamatè yo kapab ofri bwochi Bondye vle a oswa liv Konesans lan. Si moun nan kay la deja gen de piblikasyon sa yo, nou kapab ofri nenpòt lòt. Nou tout ta dwe pote divès kalite feyè pou moun ki pa la ak pou moun ki pa pran piblikasyon. Nou ta dwe fè efò pou nou kontinye suiv enterè nou jwenn yo, sitou lè gen kongregasyon ki pa twò lwen yon tèritwa ki pa sou kont okenn kongregasyon.

◼ Sekretè kongregasyon yo dwe kenbe yon kantite rezonab nan fòmilè Demande d’admission au service de pionnier permanent (S-205) ak Demande d’admission au service de pionnier auxiliaire (S-205b). Yo ka kòmande yo sou fòmilè “ Demande de publications ” ​(S-14). Konsève yon stòk pou omwen ennan.

◼ Lè yon moun planifye pou l vwayaje nan yon lòt peyi e li prevwa asiste reyinyon, asanble sikonskripsyon oswa kongrè distri, se pou l ekri filyal ki responsab travay predikasyon nan peyi sa a pou l ka jwenn enfòmasyon sou dat, lè, oswa adrès kote reyinyon sa yo ap fèt. N ap jwenn lis adrès filyal yo nan dènye paj Annuaire des Témoins de Jéhovah ki pi resan an.

◼ Siveyan prezidan kongregasyon an dwe fè pwoklamatè yo sonje dat kongrè distri yo ak kote y ap fèt. Y ap jwenn enfòmasyon sa yo nan lèt 15 desanm 2004 la.

◼ N ap byen kontan akeyi kongresis k ap pwofite pandan yo vin nan kongrè Santo pou yo tou vizite Betèl la. Nou vle fè yo konnen orè Betèl la : soti lendi pou rive vandredi, 8:00-12:00, 1:00-5:00 ; samdi, 8:00-12:00. Lè yo rive, y ap prezante yo nan resepsyon an e y ap mande yon vizit gide. Se pa yo menm k ap deside mache pasipala nan tout lakou Betèl la poukont yo. Si yo pa gentan vizite Betèl la pandan kongrè a, kòm se epòk vakans, yo kapab vini yon lòt jou. Sepandan, yo dwe abiye yon fason ki montre respè pou Betèl la, ki siyifi “ mezon Bondye ”.

◼ Sekretè kongregasyon an ap verifye pou wè si gen yon lèt nominasyon (S-202) pou chak pyonye pèmanan ki nan kongregasyon an. Si pa genyen, l ap ekri filyal la pou fè l konn sa.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2026)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2026 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje