Revizyon pou Lekòl ministè teyokratik
Nan semèn 27 jen 2005, yo pral egzamine kesyon ki vin apre yo aloral nan Lekòl ministè teyokratik la. Siveyan lekòl la ap dirije yon revizyon k ap dire 30 minit e ki baze sou tout asiyasyon yo te egzamine yo, soti nan semèn 2 me pou rive nan semèn 27 jen 2005. [Remak : Kote yo pa bay okenn referans apre yon kesyon, w ap bezwen fè pwòp rechèch pa w pou w jwenn repons yo. — Gade nan liv École du ministère la, p. 36-7.]
TEKNIK POU MOUN BYEN PALE
1. Poukisa konparezon ansanm ak metafò se bonjan metòd pou ansèyman ? (Jen. 22:17 ; Sòm 1:3 ; Jak 3:6) [be p. 240 § 2-4, kare]
2. Ki kote nou ka jwenn egzanp ki anseye leson ki itil, men ki prekosyon nou bezwen pran nan sans sa a ? [be p. 242 § 2-3]
3. Ki sa nou bezwen toujou sonje lè n ap chwazi egzanp ki pou pi efikas ? [be p. 244 § 1-2]
4. Lè n ap anseye, poukisa nou dwe sèvi ak bagay moun yo ka wè, e ki jan Jewova li menm te itilize yo ? [be p. 247 § 1-2, kare]
5. Ki jan nou ka sèvi ak bagay moun yo ka wè nan ministè a ? [be p. 248 § 1–p. 249 § 2]
EKSPOZE No 1
6. Ki sa Pawòl Bondye a di konsènan edikasyon timoun ? [w03-F 15/3 p. 12 § 2 ; p. 14 § 4]
7. Kòman Jewova te montre li te enterese nan David antanke jèn e kòman David te montre li enterese nan Jewova ? [w03-F 15/4 p. 29 § 3 ; p. 30 § 3]
8. Poukisa Jewova te pran plezi nan sakrifis Abèl la, e ki asirans sa ban nou ? (Jen. 4:4) [ w03-F 1/5 p. 28 § 4–p. 29 § 1]
9. “ Disiplin Jewova ” Pwovèb 3:11 egzòte nou pou nou pa rejte a, ki sa l ye ? [ w03-F 1/10 p. 20 § 2-4]
10. Ekspresyon “ konn kontante ” a, jan yo itilize l nan 1 Timote 6:6-8 la, ki sa li siyifi ? [ w03-F 1/6 p. 9 § 1-2 ; p. 10 § 1]
LEKTI LABIB CHAK SEMÈN
11. Ki sa lyen lanmou ki te ini Yonatàn ak David la te prefigire ? (2 Sam. 1:26) [w89 1/1 p. 26 § 13]
12. Ki sa nou ka aprann nan premye tantativ David te fè pou li pote Lach alyans lan Jerizalèm ? (2 Sam. 6:2-9)
13. Apre David ak Batcheba te fin peche, poukisa pitit gason yo a te oblije mouri, alòske selon Detewonòm 24:16 ak Ezekyèl 18:20 yon pitit pa gen pou l mouri akoz fot papa l ? (2 Sam. 12:14 ; 22:31)
14. Ki jan nou fè konnen sa Siba te di sou Mefibochèt la se te manti ? (2 Sam. 16:1-4)
15. Poukisa reyaksyon Mefibochèt te genyen devan pwoblèm ak Siba a se yon bèl egzanp pou nou ? (2 Sam. 19:24-30)