Anons
◼ Piblikasyon n ap ofri an Avril ak me : Toudegad ak Réveillez-vous ! Lè nou retounen al vizite moun ki enterese yo, si gen nan yo ki te asiste Memoryal la oubyen ki te asiste yon lòt pwogram teyokratik, men ki poko patisipe regilyèman nan aktivite kongregasyon an, fè efò pou nou ofri yo liv Adorez Dieu a. Nou dwe fè tout sa nou kapab pou nou kòmanse yon etid biblik, sitou si moun nan te deja etidye liv Konesans lan ak bwochi Bondye vle a. Jen : Liv Écoute le grand Enseignant an. Si moun nou rankontre a di li pa gen pitit, ofri l liv Bonheur familial la oswa liv Konesans lan, veye pou nou kòmanse yon etid biblik. Jiyè ak out : Nou kapab ofri nenpòt nan bwochi 32 paj sa yo : Dieu se soucie-t-il vraiment de nous ? ; Doit-on croire à la Trinité ? ; Le gouvernement qui établira le Paradis ; Le nom divin qui demeure à jamais ; Les esprits des morts — Peuvent-ils vous aider ou vous nuire ? Existent-ils vraiment ? ; Quand la mort frappe un être aimé... ; Que devient-on quand on meurt ? ; Quel est le but de la vie ? Comment le découvrir ? ; Un livre pour tous ; Viv alèz sou tè a pou toutan ! ; oswa “ Voici, je fais toutes choses nouvelles ”.
◼ N ap raple nou prensipal objektif nou nan peyi a pou ane sèvis 2005 lan :
1) 1 300 nouvo pwoklamatè.
2) 90% pwoklamatè regilye.
◼ Men Sal Wayòm ki fèk konstwi oubyen ki fèk renove : Quartier Morin, Port-de-Paix, Jérémie, Limonade.
◼ Nou kontan anonse nou pral genyen yon sizyèm klas Lekòl fòmasyon ministeryèl k ap kòmanse 14 avril 2005 pou rive 12 jen 2005. N ap pwofite ankouraje tout ansyen ak asistan ministeryèl selibatè pou yo gen kòm objektif pou yo asiste Lekòl fòmasyon ministeryèl la.
◼ Nou toujou genyen yon gwo bezwen pou pyonye espesyal kalifye nan peyi a. Si w se yon pyonye pèmanan depi yon bon ti tan e w ta renmen sèvi nan branch sèvis sa a, pale de sa ak siveyan sikonskripsyon w lan. Li kapab ba w bon konsèy ki pou ede w kalifye w.
◼ Apati mwa d avril, y ap tou voye ensiy pou kongrè distri 2005 lan ansanm ak piblikasyon yo, li pa nesesè pou nou kòmande yo. Ensiy yo ap rive nan chak kongregasyon pa pake ki gen 25, selon kantite pwoklamatè ki gen nan kongregasyon an. Si gen kongregasyon ki bezwen plis, yo ka fè demann sou fòmilè Demande de publications (S-14). Si gen moun nan kongregasyon an ki vle pòt ensiy, se demann pou kongregasyon an fè pou yo.
◼ N ap pwofite enfòme w sistèm telefòn filyal la pa mache byen malgre tout demach nou fè. Pafwa ou kapab konpoze yon nimewo e w remake apèl la pa pase, oubyen telefòn nan tèlman fè bwi se apèn si w ka tande moun k ap pale avè w la. Pafwa tou, ou annik kòmanse pale epi apèl la koupe. Se poutèt sa, n ap mande w eskize nou e n ap pwofite di w n ap kontinye fè demach pou nou wè si n a rezoud pwoblèm sa a. Annatandan, si w ta remake ou fè yon nimewo, epi sa pa mache, eseye yon lòt. Si w ta remake tou apèl la koupe, refè nimewo a ankò. Nimewo filyal la se : 238-8245, 238-8132, 298-3712, 298-3713, 298-3714, 298-3724, 414-3709, 404-0985 ak 404-7832.