BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 3/05 p. 3
  • Anons

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Anons
  • Ministè Wayòm nan — 2005
Ministè Wayòm nan — 2005
km 3/05 p. 3

Anons

◼ Piblikasyon n ap ofri an mas : Konesans k ap mennen nan lavi etènèl la. Nou pral fè yon efò espesyal pou nou kòmanse etid biblik. Si moun n ap pale avè l la deja gen liv sa a, nou ka prezante l Prêtons attention à la prophétie de Daniel ! Avril ak me : Toudegad ak Réveillez-vous ! (youn nan chak). Lè nou retounen al vizite moun ki enterese yo, si gen nan yo ki te asiste Memoryal la oubyen ki te asiste yon lòt pwogram teyokratik, men ki poko patisipe regilyèman nan aktivite kongregasyon an, fè efò pou nou ofri yo liv Adorez Dieu a. Nou dwe fè tout sa nou kapab pou nou kòmanse yon etid biblik, sitou si moun nan te deja etidye liv Konesans lan ak bwochi Bondye vle a. Jen : Liv Écoute le grand Enseignant an. Si moun nou rankontre a di li pa gen pitit, ofri l liv Bonheur familial la oswa liv Konesans lan, veye pou nou kòmanse yon etid biblik.

◼ Kongregasyon yo ta dwe distribye Toudegad ak Réveillez-vous ! ki fèk parèt yo san pèdi tan. Konsa, pwoklamatè yo ap gentan li peryodik yo anvan y al ofri yo nan predikasyon. Kou Ministè Wayòm yo vini, yo ta dwe distribye yo tou. Yo kapab distribye yo bay pwoklamatè yo nan randevou etid liv kongregasyon an.

◼ Lè yon moun planifye pou l vwayaje nan yon lòt peyi e li prevwa asiste reyinyon, asanble sikonskripsyon oswa kongrè distri, se pou l voye demann li a bay filyal ki responsab travay predikasyon nan peyi sa a. Sa ap pèmèt li jwenn enfòmasyon sou dat, sou lè ak sou adrès kote reyinyon sa yo ap fèt. N ap jwenn lis adrès filyal yo nan dènye paj Annuaire des Témoins de Jéhovah ki pi resan an.

◼ Sekretè kongregasyon yo dwe kenbe yon kantite rezonab nan fòmilè Aplikasyon pou sèvis pyonye pèmanan (S-205-CR) ak Aplikasyon pou sèvis pyonye oksilyè (S-205b-CR). Yo ka kòmande yo sou fòmilè Demande de publications (S-14). Konsève yon stòk ki sifi pou omwen ennan.

◼ Memoryal la ap tonbe jedi 24 mas 2005. Si kongregasyon w lan abitye fè reyinyon jedi, yo dwe chanje jou sa a pou yo fè reyinyon an yon lòt jou nan semèn nan si Sal Wayòm nan disponib. Si sa pa posib e si sa afekte reyinyon sèvis kongregasyon an, yo ka pran pati nan reyinyon sèvis la ki plis apwopriye pou kongregasyon an epi konbine l avèk yon lòt reyinyon sèvis.

◼ Plizyè pwoklamatè telefone filyal la konsènan kèk anrejistreman Wayòm ki fèt nan yon stil popilè e k ap sikile kounye a pami Temwen Jewova yo. Y ap mande si òganizasyon an apwouve anrejistreman sa yo. Nou okouran anrejistreman sa yo egziste, e nou vle fè nou konnen nou pa apwouve yo. Tanpri, pa distribye anrejistreman sa yo, epi pa pran yo sou Entènèt. Nou kwè enfòmasyon sa a ap klarifye bagay yo.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2026)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2026 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje