Anons
◼ Piblikasyon n ap ofri an desanm : Le plus grand homme de tous les temps. Si pa genyen l, nou ka ofri La Bible : Parole de Dieu ou des hommes ? ; Recueil d’histoires bibliques ; oswa Vous pouvez vivre éternellement sur une terre qui deviendra un paradis. Janvye : Nenpòt liv ki te parèt anvan 1990 kongregasyon an genyen nan stòk li. Si nou pa gen youn ladan yo, tcheke pou n wè si kongregasyon nan zòn nan pa genyen nan liv sa yo ki rete nan stòk pa yo. Si yon kongregasyon pa rive jwenn ansyen liv sa yo, li kapab ofri liv Adorez le seul vrai Dieu a. Fevriye : Approchez-vous de Jéhovah. Si nou pa gen liv sa a, nou mèt ofri La vie : comment est-elle apparue ? Évolution ou création ? oubyen La Révélation : le grand dénouement est proche ! Mas : Konesans k ap mennen nan lavi etènèl la. Nou pral fè yon efò espesyal pou nou kòmanse etid biblik. Si moun n ap pale avè l la deja gen liv sa a, nou ka prezante l Prêtons attention à la prophétie de Daniel !
◼ Dosye “ Mieux comprendre son médecin ”, ki parèt nan Réveillez-vous ! 22 janvye 2005 lan, la pou l ede lektè yo pou yo ka antann yo pi byen ak doktè yo. Sepandan, atik sa yo ka enterese doktè yo tou piske yo montre rezon ki konn fè mesaj espwa ki nan Bib la atire kèk doktè. L ap bon si w chèche gen plis nan nimewo sa a e si w fè yon efò espesyal pou w fè doktè w ak lòt pwofesyonèl k ap travay nan domèn sante jwenn youn ladan l. Kongregasyon ki vle ogmante kòmann yo pou Réveillez-vous ! sa a dwe fè filyal la konn sa san pèdi tan.
◼ Rapèl pou frè ki responsab kont kongregasyon an : tout ofrann nou jwenn nan bwat ki make “ Offrandes pour l’œuvre mondiale — Matthieu 24:14 ” ak sa ki make “ Fonds pour Salle du Royaume ”, nou fèt pou nou voye yo nan Filyal la chak mwa. Nou pa fèt pou nou sèvi ak ofrann sa yo pou nou fè vèsman pou Sal Wayòm ni pou nou kouvri okenn lòt depans kongregasyon an.
◼ Talè konsa n ap voye fich envitasyon nan chak kongregasyon pou Memoryal ane 2005 lan. Chak kongregasyon ap jwenn fich sa yo an kreyòl e an fransè. Si nou ta renmen jwenn fich envitasyon nan lòt lang yo pale nan tèritwa a, fòk nou voye mande yo san pèdi tan sou yon fòmilè “ Demande de publications ” (S-14). Y ap voye di kongregasyon yo nan ki lang fich envitasyon Memoryal la ap disponib nan lèt “ Anons pou tout kongregasyon ” yo voye chak mwa a. Tanpri, mande fich envitasyon sèlman nan lang nou bezwen pou tèritwa nou.
◼ Nan ane 2006, Memoryal la ap fèt mèkredi 12 avril, apre solèy la fin kouche. Gen kèk kote, plizyè kongregasyon itilize menm Sal Wayòm, e sa oblije yo chèche lòt lokal pou sikonstans lan. Nòt sa a vini alavans yon fason pou frè yo ka gentan fè rezèvasyon oubyen pou yo gentan siyen kontra pou yo jwenn lòt lokal disponib. Nan kontra ansyen yo ap fè a, yo dwe antann yo ak moun ki responsab lokal la pou okenn lòt aktivite k ap fèt nan lokal la pa deranje yo, yon fason pou Memoryal la ka fèt nan lòd ak lapè.
◼ Etandone enpòtans Memoryal la genyen, lè kolèj ansyen an ap chwazi yon oratè pou Memoryal la, li ta dwe chwazi youn nan ansyen ki pi kalifye yo, olye pou yo annik fè yon woulman oswa pou yo sèvi ak menm frè a chak ane. Si youn nan ansyen yo se yon kretyen wen ki kalifye pou sa, se li menm y ap chwazi pou fè diskou a.
◼ Apati semèn 27 jen 2005, nou pral etidye liv Prêtons attention à la prophétie de Daniel ! la nan etid liv kongregasyon an.