BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 9/04 p. 3
  • Anons

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Anons
  • Ministè Wayòm nan — 2004
Ministè Wayòm nan — 2004
km 9/04 p. 3

Anons

◼ Piblikasyon n ap ofri an septanm : La vie : comment est-elle apparue ? Évolution ou création ? Oktòb : Toudegad ak Réveillez-vous ! Si moun w al vizite yo montre yo enterese, ofri yo bwochi Bondye vle a. Fè yon efò espesyal pou nou kòmanse etid biblik. Novanm : Ofri liv Konesans lan oswa bwochi Bondye vle a. Si moun nou rankontre yo deja gen piblikasyon sa yo, ofri yo liv Adorez Dieu a oswa yon ansyen piblikasyon. Desanm : Le plus grand homme de tous les temps. Si pa genyen l, nou ka ofri La Bible : Parole de Dieu ou des hommes ? ; Recueil d’histoires bibliques ; oswa Vous pouvez vivre éternellement sur une terre qui deviendra un paradis.

◼ N ap egzamine kasèt videyo Pas de sang : la médecine relève le défi a nan yon reyinyon sèvis an desanm. Kounye a gen yon pati nan seri dokimantè ki rele : Des alternatives à la transfusion ki disponib sou DVD. Li gen dokimantè sa yo sou li : Stratégies alternatives à la transfusion : simples, sûres, efficaces ; Soigner sans transfuser — Besoins et droits du patient ; ak Pas de sang : la médecine relève le défi. Vèsyon orijinal DVD a se ann anglè li ye, men ou ka pwograme l pou l jwe nan lòt lang, tankou alman, espanyòl ak fransè. Kasèt videyo Pas de sang an disponib ann anglè, espayòl ak fransè. Si nou bezwen DVD a ak kasèt videyo a, se kongregasyon an ki pou fè kòmann lan pou nou osito sa posib.

◼ Ann akò avèk Women 13:1, tout Temwen Jewova ki gen 18 an pou pi piti dwe al fè kat d idantite yo, jan Leta ayisyen mande sa. Tout moun lwa sa a konsène ta dwe fè sa, piske se youn nan domèn kote kretyen an dwe obeyi Leta. Si gen pwoklamatè nan kongregasyon an ki gen 18 an oubyen plis, men ki poko fè kat d idantite yo, ansyen yo dwe toujou fè yo sonje se yon obligasyon yo genyen pou y al fè l.

◼ Li enpòtan pou yo distribye Toudegad ak Réveillez-vous ! ki fèk parèt yo nan kongregasyon an san pèdi tan. Konsa, pwoklamatè yo ap gentan resevwa peryodik pa yo pou yo li, anvan y al ofri yo nan predikasyon.

◼ Ansyen yo ap sonje pou yo suiv enstriksyon nou jwenn nan La Tour de Garde 15 avril 1991, paj 21-3, konsènan nenpòt moun ki eskli oswa ki te fè retrè volontè ki ta merite pou yo vizite yo.

◼ Y ap bay diskou espesyal pou epòk Memoryal 2005 lan dimanch 10 avril. Y ap voye tèm diskou sa a pi devan. Kongregasyon ki gen vizit siveyan sikonskripsyon, asanble sikonskripsyon oubyen jounen asanble espesyal nan wikenn nou sot di a, ap fè diskou espesyal la nan semèn annapre a. Okenn kongregasyon pa dwe fè diskou espesyal la anvan 10 avril 2005.

◼ Pou komite sèvis yo : Lè yon pyonye pèmanan kite sèvis la, komite sèvis la dwe ranpli yon fòmilè S-202-F pou l voye nan filyal la san pèdi tan.

◼ Rapèl : Kongregasyon ki poko voye rapò analiz S-10-F la, yo mande yo tanpri pou yo voye rapò sa a SAN PÈDI TAN.

◼ Lekòl fòmasyon ministeryèl : Ansyen ak asistan ministeryèl ki selibatè e ki gen ant 23 e 50 an, ki vle kandida pou Lekòl fòmasyon ministeryèl, mèt ranpli yon fich san pèdi tan yon fason pou filyal la ka jwenn li tousuit.

◼ Piske mwa oktòb la ap gen senk wikenn okonplè, se ap yon bon mwa pou nou pran sèvis pyonye oksilyè.

◼ L’Association Chrétienne “ Les Témoins de Jéhovah d’Haïti ” ap fè asanble jeneral pou ane a 24 oktòb 2004 nan Sal asanble Temwen Jewova yo ki nan Santo 20.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2026)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2026 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje