Pou tout pwoklamatè Wayòm yo
Frè nou yo,
Nan Wallkill, Ozetazini, yo fèk fin ajoute yon bèl bout sou enprimri ki te la a, e li deja kòmanse fonksyone. Yo enstale de près tounèf, e yo chak gen kapasite pou yo pwodui 90 000 peryodik chak inèdtan. Anmenmtan, yo enstale aparèy tounèf ki pou pèmèt yo fè 120 liv chak minit. Lefètke yo deplase enprimri a, y al mete l Wallkill, sa pèmèt yo vann yon bilding ki Brooklyn, bilding ki nan 360 Furman Street la. Aktyèlman, gen frè k ap travay di nan renovasyon konplèks ki nan 117 Adams Street la, paske se la yo pral transfere tout depatman ki te nan bilding 360 Furman Street la.
Pou nou te ka transfere enprimri a, sa te mande pou anviwon 300 frè ak sè deplase Brooklyn al Wallkill. Mete sou sa, gen anviwon 100 volontè ki responsab òdinatè ak pwogram enfòmatik yo te oblije transfere sot Wallkill al Brooklyn, piske kounye a se la sant operasyon depatman sistèm enfòmatik la ye.
Epòk Memoryal la se yon epòk ki te gen anpil aktivite nan tèritwa filyal la. Ann Ayiti, te gen o total 1 392 pyonye oksilyè an mas, e nou te jwenn yon nouvo maksimòm nan kantite moun ki te asiste Soupe Seyè a : 78 725.
Kòtakòt ak nou, nou chofe pou nou kòmanse ane sèvis 2005 lan, kote nou pral “ gen anpil bagay pou nou fè nan travay Seyè a ”. — 1 Kor. 15:58.
Frè nou yo,
Filyal d Ayiti