Anons
◼ Piblikasyon n ap ofri an Jiyè ak out : Nou kapab ofri nenpòt nan bwochi 32 paj sa yo : Dieu se soucie-t-il vraiment de nous ? ; Doit-on croire à la Trinité ? ; Le gouvernement qui établira le Paradis ; Le nom divin qui demeure à jamais ; Quand la mort frappe un être aimé... ; Que devient-on quand on meurt ? ; Quel est le but de la vie ? Comment le découvrir ? ; Viv alèz sou tè a pou toutan ! ; oswa “ Voici, je fais toutes choses nouvelles ”. Septanm : Y a-t-il un Créateur qui se soucie de vous ? Oubyen nou ka ofri liv La vie : comment est-elle apparue ? Évolution ou création ? Oktòb : La Tour de Garde ak Réveillez-vous ! Si moun n al vizite yo enterese, ofri yo bwochi Bondye vle a. Fè yon efò espesyal pou nou kòmanse etid biblik.
◼ Men tit diskou piblik siveyan sikonskripsyon yo pral bay apati mwa septanm : “ Annou afwonte lavni avèk fwa e kouraj. ”
◼ Lè n ap preche tèritwa ki pa sou kont okenn kongregasyon, pwoklamatè yo kapab ofri bwochi Bondye vle a oswa liv Konesans lan. Si moun nan kay la deja gen de piblikasyon sa yo, nou kapab ofri nenpòt lòt. Nou tout ta dwe pote divès kalite feyè pou moun ki pa la ak pou moun ki pa pran piblikasyon. Nou ta dwe fè efò pou nou kontinye suiv enterè nou jwenn yo, sitou lè gen kongregasyon ki pa twò lwen yon tèritwa ki pa sou kont okenn kongregasyon.
◼ Sekretè kongregasyon yo dwe kenbe yon kantite rezonab nan fòmilè Aplikasyon pou sèvis pyonye pèmanan (S-205-CR) ak Aplikasyon pou sèvis pyonye oksilyè (S-205b-CR). Yo ka kòmande yo sou fòmilè “ Demande de publications ” (S-14). Konsève yon stòk pou omwen ennan.
◼ Anvan yo voye fich Aplikasyon pou sèvis pyonye pèmanan yo nan biwo filyal la, sekretè kongregasyon an dwe verifye fich la pou li sèten li ranpli nèt. Si moun ki fè aplikasyon an pa ka sonje dat egzak li te batize, l ap bay yon dat apeprè e apre sa l ap ekri dat sa a yon kote. Sekretè a dwe note dat sa a nan fich aktivite pwoklamatè a.
◼ Lè yon moun planifye pou l vwayaje nan yon lòt peyi e li prevwa asiste reyinyon, asanble sikonskripsyon oswa kongrè distri, se pou l ekri filyal ki responsab travay predikasyon nan peyi sa a pou l ka jwenn enfòmasyon sou dat, lè, oswa adrès kote reyinyon sa yo ap fèt. N ap jwenn lis adrès filyal yo nan dènye paj Annuaire des Témoins de Jéhovah ki pi resan an.
◼ Li nesesè pou biwo filyal la gen adrès ak nimewo telefòn ki ajou pou tout siveyan prezidan ak tout sekretè. Si vin gen yon chanjman, komite sèvis kongregasyon an fèt pou l ranpli yon fòmilè Changement d’adresse du surveillant-président/secrétaire (S-29), li dwe siyen l epi voye l nan biwo filyal la byen rapid.
◼ Siveyan prezidan kongregasyon an dwe fè pwoklamatè yo sonje dat kongrè distri yo ak kote y ap fèt. Y ap jwenn enfòmasyon sa yo nan lèt 15 desanm 2003 a.
◼ N ap byen kontan akeyi kongresis k ap pwofite pandan yo vin nan kongrè Santo pou yo tou vizite Betèl la. Nou vle fè yo konnen orè Betèl la : soti lendi pou rive vandredi, 8:00-12:00, 1:00-5:00 ; samdi, 8:00-12:00. Lè yo rive, y ap prezante yo nan resepsyon an e y ap mande yon vizit gide. Se pa yo menm k ap deside mache pasipala nan tout lakou Betèl la poukont yo. Si yo pa gentan vizite Betèl la pandan kongrè a, kòm se epòk vakans, yo kapab vini yon lòt jou. Sepandan, yo dwe abiye yon fason ki montre respè pou Betèl la, ki siyifi “ mezon Bondye ”.
◼ Tout moun ki ta renmen pyonye pèmanan apati septanm pwochen dwe ranpli fòmilè Aplikasyon pou sèvis pyonye pèmanan (S-205-CR) san pèdi tan, epi remèt li bay komite sèvis kongregasyon an pou li ka rive nan biwo filyal la anvan mwa septanm.