Anons
◼ Piblikasyon n ap ofri an mas : Liv Konesans k ap mennen nan lavi etènèl la. Fè yon efò espesyal pou nou kòmanse etid biblik. Si moun n ap pale avè l la deja gen piblikasyon sa a, nou ka ofri l liv Prêtons attention à la prophétie de Daniel ! Avril ak me : Toudegad ak Réveillez-vous ! (youn nan chak). Lè nou retounen al vizite moun ki enterese yo, si gen nan yo ki te asiste Memoryal la oubyen ki te asiste yon lòt pwogram teyokratik, men ki poko patisipe regilyèman nan aktivite kongregasyon an, fè efò pou nou ofri yo liv Adorez Dieu a. Nou dwe fè tout sa nou kapab pou nou kòmanse yon etid biblik, sitou si moun nan te deja etidye liv Konesans lan ak bwochi Bondye vle a. Jen : Liv Écoute le grand Enseignant an. Si moun nou rankontre a di li pa gen pitit, ofri l bwochi Bondye vle a. Lè n ap sèvi ak bwochi a, veye pou nou kòmanse yon etid biblik.
◼ Filyal la pap egzekite demann pèsonèl pwoklamatè fè pou piblikasyon. Siveyan prezidan an dwe pran dispozisyon pou fè yon anons chak mwa, anvan yo voye demann piblikasyon kongregasyon an fè pou mwa a bay filyal la. Konsa, tout moun ki enterese gen kèk piblikasyon kapab fè frè ki responsab piblikasyon an konn sa. Tanpri, sonje gen yon seri piblikasyon se kòmann espesyal yo ye.
◼ Sekretè yo ta dwe toujou fè Biwo konstriksyon Sal Wayòm nan konnen sitiyasyon nenpòt pwoklamatè batize ki ranpli yon fòmilè “ Demande d’admission au programme des volontaires pour la construction des Salles du Royaume ” (A-25-F). Lè sitiyasyon yon volontè chanje, swa li ta bwote oubyen yo ta nome li asistan ministeryèl oubyen ansyen, li dwe ranpli yon lòt fòmilè voye ale imedyatman. Si yon volontè chanje adrès postal oubyen nimewo telefòn, oubyen li pa gen bon repitasyon nan kongregasyon an ankò, ansyen yo dwe ekri Biwo konstriksyon an sou sa imedyatman. Yo dwe kite fòmilè (A-25-F) ki konplè a nan dosye kongregasyon an pou siveyan sikonskripsyon an ka analize l lè l ap vizite kongregasyon an.
◼ Biwo konstriksyon Sal Wayòm nan fè nou konnen li toujou bezwen frè ak sè ki gen eksperyans nan konstriksyon. Si w kapab pote w volontè pou w fè pati yon ekip konstriksyon Sal Wayòm, mande sekretè kongregasyon w lan yon fomilè “ Demande d’admission au programme des volontaires pour la construction de Salles du Royaume ” (A-25-F) pou w ranpli.
◼ Sal Wayòm ki fèk konstwi : Kafou Difò, Dechapèl, Bwadin, Sanayi.
◼ Lè nou gen pwoblèm pou nou jwenn filyal la nan nimewo sa yo : 298-3712, 298-3713, 298-3714, 298-3724, nou kapab rele nan nimewo sa yo pito : 414-3709, 404-0985, 404-7832.
◼ Nou kontan pou nou anonse nou, apati avril 2004, tout siveyan itineran yo pral patisipe nan yon Lekòl pou siveyan itineran k ap dire 2 mwa nan peyi Gwadloup.