BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 10/03 p. 7
  • Revizyon oral pou Lekòl ministè teyokratik

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Revizyon oral pou Lekòl ministè teyokratik
  • Ministè Wayòm nan — 2003
Ministè Wayòm nan — 2003
km 10/03 p. 7

Revizyon oral pou Lekòl ministè teyokratik

Nan semèn 27 oktòb 2003 a, yo pral egzamine kesyon ki vin apre yo aloral nan Lekòl ministè teyokratik la. Siveyan lekòl la ap dirije yon revizyon k ap dire 30 minit e ki baze sou tout asiyasyon yo te bay soti nan semèn 1ye septanm pou rive nan semèn 27 oktòb 2003. [Remak : Kote yo pa bay okenn referans apre yon kesyon, w ap bezwen fè pwòp rechèch pa w pou w jwenn repons yo.— Gade nan liv École du ministère la, p. 36-7.]

TEKNIK POU FÈ BON DISKOU

1. Ki sans konsèy nou jwenn nan 1 Timote 2:9 la genyen, konsèy ki mande pou yon moun fè bèbèl ak tèt li “ nan yon teni ki kòrèk ”, e ki efè sa ta dwe genyen sou fason nou prezante nou sou estrad la oswa sou fason nou abiye pou n al preche ? [be p. 132 § 4-5]

2. Ki enfliyans prensip nou jwenn nan 1 Jan 2:15-17, Efezyen 2:2, ak sa nou jwenn nan Women 15:3 ta dwe genyen sou fason nou abiye ak fason nou fè cheve nou ? [be p. 133 § 1-3]

3. Poukisa asirans se yon kalite ki enpòtan, e ki jan nou ka kiltive kalite sa a lè n ap pale sou estrad oswa lè n ap preche ? [be p. 135 kare ; be p. 136 § 5, kare]

4. Antanke “ temwen fidèl e veridik ”, ki egzanp Jezi kite pou nou nan fason pou nou sèvi ak Bib la nan predikasyon ? (Rev. 3:14) [be p. 143 § 2-3]

5. Ki jan nou ka fè pou nou vin pi maton nan fason nou sèvi ak Bib la ? (Tit 1:9) [be p. 144 § 1, kare]

EKSPOZE NO 1

6. Ki sa sa vle di etidye ? Site kèk nan byenfè yon moun ka retire lè l etidye Pawòl Bondye a regilyèman. [be p. 27 § 3 ; p. 32 § 3]

7. Selon sa nou li nan Jak 1:5, 6, ki sa ki esansyèl lè nou gen yon desizyon enpòtan pou nou pran nan lavi nou ? [w01 1/9 p. 28 § 4]

8. Ki sa nou rele dat pivo, e poukisa se yon seri dat ki gen anpil anpil enpòtans ? [si-F p. 282 § 27]

9. Nan ki sans “ yon moun k ap pale move pawòl ” se yon moun ki manke lespri (Pwo. 10:18) ? [w01 15/9 p. 25 § 3]

10. Ki jan, nan monn nouvo a, lèzòm ap rive pi byen apresye fason Jewova konsidere tan ? [si-F p. 283 § 32]

LEKTI LABIB CHAK SEMÈN

11. Se vre oswa se pa vre : Nan 1 Korentyen 2:9, apot Pòl pale de bagay Jewova prepare pou moun k ap sèvi l fidèl yo kòm yon eritaj. Esplike. [ip-2 p. 366 kare]

12. De ki tantasyon yo pale nan 1 Korentyen 10:13, e nan ki sans Jewova “ ouvri yon chemen ” ? [w91 1/10 p. 10-11 § 11-14]

13. Ki efè egzanp Jezi antanke moun ki renmen bay ka fè sou yon kretyen ? (2 Kor. 8:9) [w92 15/1 p. 16 § 10]

14. Nan ki sans Lalwa te “ tounen yon pedagòg k ap mennen nou bay Kris ” ? (Gal. 3:24) [w02-F 1/6 p. 15 § 11]

15. Ki sa yo rele “ bagay elemantè ki nan monn nan ”, bagay nou dwe pran prekosyon avèk yo pou yo pa pote n ale a ? (Kol. 2:8)

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2026)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2026 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje