Revizyon nan Lekòl ministè teyokratik la
Nan semèn 25 out 2003 a, yo pral egzamine kesyon ki vin apre yo aloral nan Lekòl ministè teyokratik la. Siveyan lekòl la ap dirije yon revizyon k ap dire 30 minit e ki baze sou tout asiyasyon yo te bay soti nan semèn 7 jiyè pou rive nan semèn 25 out 2003. [Remak : Kote yo pa bay okenn referans apre yon kesyon, w ap bezwen fè pwòp rechèch pa w pou w jwenn repons yo. — Gade nan liv École du ministère la, p. 36-7.]
TEKNIK POU FÈ BON DISKOU
1. Ki avantaj ki genyen lè nou gade je moun n ap preche a ? [be p. 125 § 1-2 ; kare p. 125]
2. Si nou santi nou sou strès lè nou pral preche, ki sa ki kapab ede nou ? [be p. 128 § 4-5]
3. Ki sa ki kapab ede nou pale avèk yon ton konvèsasyon ki natirèl lè n ap fè yon patisipasyon sou estrad la ? [be p. 129 § 2 ; kare p. 129]
4. Ki efè prensip ki gen nan Levitik 16:4, 24, 26, 28, nan Jan 13:10 ak nan Revelasyon 19:8 ta dwe genyen sou aparans nou, e poukisa sa enpòtan ? [be p. 131 § 3 ; kare p. 131]
5. Dekri yon moun ki modès e ki gen “ bonsans ”. (1 Tim. 2:9, 10) [be p. 132 § 1]
EKSPOZE NO 1
6. Menmsi kretyen yo dwe sipòte youn lòt avèk pasyans, ki sa yo pa tolere pami yo ? (Kol. 3:13) [w01 15/7 p. 22 § 6-7]
7. Se vre oswa se pa vre : Yon nonb òdinal se yon nonb konplè. Bay esplikasyon. [si-F p. 282 § 24-5]
8. Ki pi bèl rezon ki ka motive nou pou nou li Pawòl Bondye a, e poukisa li enpòtan pou nou gen motivasyon sa a ? [be p. 24 § 1]
9. Ki jan yon moun ki saj “ sere konesans byen sere ” ? (Pwo. 10:14) [w01 15/7 p. 27 § 4-5]
10. Poukisa bon abitid Jòb te genyen yo remakab ? (Jòb 1:1, 8 ; 2:3) [w01 1/8 p. 20 § 4]
LEKTI LABIB CHAK SEMÈN
11. Ki jan manm kolèj santral la te “ tonbe dakò ” yon fason pou Janti ki vin kwayan yo pa t oblije sikonsi pou yo ka sove ? (Tra. 15:25)
12. Ki jan kolèj santral la te fè mande Pòl pou li vini ak kèk pati nan Lwa mozayik la alòske Jewova te anile Lwa sa a ? (Tra. 21:20-26) [it-2 p. 701 § 4 ; it-2 p. 1166 § 2-5]
13. Ki fo akizasyon yo te lage sou do apot Pòl ki raple nou remak yo fè sou Temwen Jewova yo nan dènye jou sa yo ? (Tra. 24:5, 6) [w01 15/12 p. 22 § 7–p. 23 § 2]
14. Ki jan Pòl te kite yon egzanp antanke pwoklamatè Wayòm menm pandan dezan li te pase nan rezidans siveye ? (Tra. 28:30, 31)
15. Nan ki sans “ otorite siperyè yo ” fè pati “ dispozisyon Bondye ”, e ki enfliyans sa ta dwe genyen sou kretyen yo ? (Wom. 13:1, 2) [w00 1/8 p. 4 § 5]