BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 6/03 p. 6
  • Revizyon nan Lekòl ministè teyokratik la

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Revizyon nan Lekòl ministè teyokratik la
  • Ministè Wayòm nan — 2003
Ministè Wayòm nan — 2003
km 6/03 p. 6

Revizyon nan Lekòl ministè teyokratik la

Nan semèn 30 jen 2003 a, yo pral egzamine kesyon ki vin apre yo aloral nan Lekòl ministè teyokratik la. Siveyan lekòl la ap dirije yon revizyon k ap dire 30 minit e ki baze sou tout asiyasyon yo te bay soti nan semèn 5 me pou rive nan semèn 30 jen 2003. [Remak : Kote yo pa bay okenn referans apre yon kesyon, w ap bezwen fè pwòp rechèch pa w pou w jwenn repons yo. — Gade nan liv École du ministère la, p. 36-7.]

TEKNIK POU FÈ BON DISKOU

1. Poukisa modilasyon se yon kalite ki enpòtan lè n ap fè yon diskou, e ki jan nou ka travay kalite sa a ? [be kare p. 111 ; kare p. 112]

2. Menmsi yon oratè kwè nan sa l ap di a e li renmen Jewova, poukisa li pa enposib pou li manke antouzyas ? [be p. 115 § 3-4 ; p. 116 § 1]

3. Ki sa k ap ede yon oratè fè yon diskou avèk chalè e avèk santiman, e poukisa se de kalite ki enpòtan ? [be p. 119 § 1-4]

4. Ki sa ki ka detèmine degre antouzyas, chalè ak lòt kalite santiman nan yon diskou ? [be p. 120 § 2-5]

5. Se vre oswa se pa vre : Jès ak ekspresyon vizaj yon moun gen valè sèlman lè moun ki nan oditwa a ap gade moun k ap pale a. Esplike. [be p. 121 § 3]

EKSPOZE NO 1

6. Ki sa ki te ede Yochiya chwazi sèvi Bondye, malgre bagay yo pa t fasil pou li lè l te piti (2 Kwo. 34:1, 2) ? [w01 15/4 p. 26 § 5 ; p. 27 § 1-5 ; p. 28 § 4]

7. Ki siyifikasyon Pwovèb 9:7, 8a genyen, e ki jan nou ka aplike tèks sa a nan predikasyon ? [w01 15/5 p. 29 § 4-5]

8. Jewova te mande Izrayelit yo pou yo “ pa bliye ”. Ki sa l te vle di lè sa a ? Ki jan nou ka fè pou nou pa bliye nou menm tou (Det. 4:9 ; 8:11) ? [be p. 20 § 1-3]

9. Ki jan pawòl David te di ak tout kè l nan Sòm 32:1, 5 ak Sòm 51:10, 15 montre yon moun pa bezwen santi li pa vo anyen si li te fè yon peche grav e apre sa li repanti toutbonvre ? [w01 1/6 p. 30 § 1-3]

10. Nan 1 Timote 5:3-16, Pòl bay kèk enstriksyon sou fason pou yo pran swen moun ki nan nesesite. Ki sa nou ka aprann nan enstriksyon sa yo ? [w01 15/6 p. 11 § 1]

LEKTI LABIB CHAK SEMÈN

11. Ki sa Jezi te vle di lè li te itilize ekspresyon “ fèt yon lòt fwa ankò ” a, ekspresyon nou jwenn nan Jan 3:3 ? [w95 1/7 p. 9-10 § 4-5]

12. Ki jan Jezi te sèvi ak fòmasyon li te resevwa a, e ki bèl leson nou tire nan sa (Jan 7:15-18) ? [w96 1/2 p. 9-10 § 4-7]

13. Nan Traduction du monde nouveau, poukisa yo pa mete Jan 7:53-8:11 menm kote ak lòt vèsè yo ?

14. Nan ki sans Jezi te vini “ menm jan ” li te monte nan syèl la (Tra. 1:11) ? [w90 1/6 p. 11 § 5]

15. Poukisa pa t gen ‘ okenn nan lòt moun yo ki te gen kouraj pou l te vin asosye ak disip yo ’ jan nou ka li sa nan Travay 5:13 ?

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2026)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2026 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje