BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 12/02 p. 7
  • Anons

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Anons
  • Ministè Wayòm nan — 2002
Ministè Wayòm nan — 2002
km 12/02 p. 7

Anons

◼ Piblikasyon n ap ofri an desanm : Le plus grand homme de tous les temps. Si pa genyen l, nou ka ofri Recueil d’histoires bibliques ; La Bible : Parole de Dieu ou des hommes ? ; oswa Vous pouvez vivre éternellement sur une terre qui deviendra un paradis. Janvye : Nenpòt liv 192 paj ki te parèt anvan 1988 kongregasyon an gen nan estòk li. Kongregasyon ki gen liv L’humanité à la recherche de Dieu kapab ofri li tou. Fevriye : Approchez-vous de Jéhovah. Mas : Konesans k ap mennen nan lavi etènèl la. Nou pral fè yon efò espesyal pou nou kòmanse etid biblik.

◼ Gen yon modifikasyon yo fè sou fason yo dwe dirije Lekòl ministè teyokratik la pandan vizit siveyan sikonskripsyon an. Apati de janvye 2003, lekòl la ap dire anviwon 25 minit sèlman san konte kantik ak priyè. Ap gen yon diskou senk minit ki pral pale sou youn nan teknik pou moun fè bon diskou, yon diskou enstriksyon k ap dire 10 minit ak pwen biblik enteresan k ap dire 10 minit. Yo pap fè ekspoze nimewo 2, 3 ak 4. Apre lekòl la, y ap pase nan reyinyon sèvis la k ap dire 30 minit. Apre sa, y ap chante epi siveyan sikonskripsyon an ap pale pandan 30 minit. Lè l fini, y ap chante epi y ap priye.

◼ Nan ane 2004, Memoryal la ap fèt dimanch 4 avril, apre solèy la fin kouche. Gen kèk kote, plizyè kongregasyon itilize menm Sal Wayòm, e sa oblije yo chèche lòt lokal pou sikonstans lan. Nòt sa a vini alavans pou frè yo gentan fè rezèvasyon oubyen pou yo gentan siyen kontra pou yo jwenn lokal disponib ak lòt bagay yo bezwen. Ansyen yo dwe antann yo ak moun ki responsab la pou yo pa ta fè lòt aktivite nan lokal la ki pou ta deranje yo. Konsa Memoryal la ap fèt nan lòd ak lapè. Etandone enpòtans evènman sa a genyen, lè y ap deziyen yon oratè pou Memoryal la, kolèj ansyen an ta dwe chwazi youn nan ansyen ki pi kalifye yo, olye pou yo annik fè yon woulman oswa pou yo sèvi ak menm frè a chak ane. Si youn nan ansyen yo se yon kretyen wen ki kalifye pou sa, se li menm y ap chwazi pou fè diskou a.

◼ Tout pwoklamatè batize ki nan reyinyon sèvis semèn 6 janvye a, ap resevwa kat ki rele “ Instructions médicale/Pas de sang ”, avèk “ Carte d’identité ” pou pitit yo.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2026)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2026 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje