Anons
◼ Piblikasyon n ap ofri an desanm : Le plus grand homme de tous les temps. Si pa genyen l nou ka ofri La Bible : Parole de Dieu ou des hommes ? ; Recueil d’histoires bibliques oswa Vous pouvez vivre éternellement sur une terre qui deviendra un paradis. Janvye : Nenpòt liv 192 paj ki te parèt anvan 1987 kongregasyon an gen nan estòk li. Kongregasyon ki gen liv L’humanité à la recherche de Dieu kapab ofri li tou. Fevriye : La Révélation : le grand dénouement est proche ! ; La vie : comment est-elle apparue ? Évolution ou création ? oswa nenpòt ansyen liv 192 paj kongregasyon an gen nan estòk li. Mas : Konesans k ap mennen nan lavi etènèl la. Nou pral fè yon efò espesyal pou nou kòmanse etid biblik.
◼ Samdi 9 mas 2002, elèv Lekòl Gileyad yo ap diplome. Pou rezon sa a, yo pap ka fè moun vizite bilding biwo filyal ki nan Bwouklin, Patèsonn ak Wòlkil, nan Nouyòk. Nenpòt moun ki te anvizaje fè yon vizit jou samdi sa a ap planifye sa pou yon lòt lè ki apwopriye. Jou sa a, yo pap ni egzekite demann piblikasyon, ni yo pap fè livrezon.
◼ Kongregasyon yo ta dwe kòmanse kòmande volim relye La Tour de Garde ak Réveillez-vous ! pou 2001 nan demann piblikasyon y ap fè an desanm. Volim relye yo ap disponib ann anglè, ann espayòl ak an franse. Jiskaske yo disponib e jiskaske yo voye yo, y ap make “ Articles notés pour plus tard ” sou fakti yo. Volim relye yo se kòmann espesyal yo ye.
◼ Talè konsa n ap voye fich envitasyon nan chak kongregasyon pou Memoryal ane 2002 a. Fich envitasyon yo ap parèt nan lang yo abitye voye yo a. Si nou ta renmen jwenn fich envitasyon nan lòt lang yo pale nan tèritwa a, fòk nou voye mande yo san pèdi tan sou yon fòmilè “ Demande de publications ” (S-14). Fich envitasyon Memoryal la ap disponib ann anglè, ann espayòl ak an fransè. Tanpri mande yo sèlman nan lang nou bezwen pou tèritwa nou.
◼ Nan ane 2003, Memoryal la ap fèt mèkredi 16 avril, apre solèy la fin kouche. Gen kèk kote, plizyè kongregasyon itilize menm Sal Wayòm, e sa oblije yo chèche lòt lokal pou sikonstans lan. Nòt sa a vini alavans pou frè yo gentan fè rezèvasyon oubyen siyen kontra pou yo jwenn lokal disponib ak lòt bagay yo bezwen. Ansyen yo dwe antann yo ak moun ki responsab la pou pa gen lòt moun k ap fè bri nan lokal la. Konsa Memoryal la ap fèt nan lòd ak lapè. Etandone enpòtans evènman an, lè y ap deziyen yon oratè pou Memoryal la, ansyen yo ta dwe chwazi youn nan ansyen ki pi kalifye yo kòm oratè, olye pou yo annik fè yon woulman oswa sèvi ak menm frè a chak ane. Si gen yon kretyen wen, yon ansyen kalifye ki an mezi pou l prezante diskou a, se li menm y ap chwazi pou fè diskou a.
◼ Nouvo piblikasyon ki disponib :
Konesans k ap mennen nan lavi etènèl la (gwo lèt) —anglè