Èske w manke kèk Annuaire nan bibliyotèk ou ?
Chak Annuaire des Témoins de Jéhovah se yon trezò istwa ak eksperyans ki atiran anpil anpil. Rapò ankourajan yo bay sou travay predikasyon Wayòm nan nan lemonnantye fòtifye konfyans nou genyen nan direksyon Jewova bay, nan pwoteksyon li e nan benediksyon li bay. Lasosyete gen kèk Annuaire ann anglè nan estòk li, pou ane 1986, 1987, ak 1990 rive nan 2000. Annuaire sa yo gen istwa sou travay Wayòm nan nan zòn tankou Almay, Awayi, Ayiti, Benen, Bolivi, Brezil, Chip, Dànmak, Finlann, Grann Bretay, Grès, Gwadloup, Irigwe, Japon, Kenya, Kolonbi, Lasyèd, Madagaska, Malawi, Malesi, Matinik, Meksik, Mikwonezi, Mozanbik, Nijerya, Ondiras Ongri, Paragwe, Peyiba, Polòy, Pòto Riko, Repiblik Tchèk, Sirinam, Suis, Tayilann, Trinidad, Venezyela ak Zile Salomon. Poukisa nou pa verifye si gen youn nan Annuaire sa yo nou pa genyen nan bibliyotèk pa nou ? Menm jan an tou, responsab Lekòl ministè teyokratik la ta dwe verifye si bibliyotèk Sal Wayòm nan genyen Annuaire sa yo. Tout pwoklamatè oswa kongregasyon ki vle genyen Annuaire sa yo kapab mande responsab piblikasyon nan kongregasyon an pou l fè demann pou yo.