Anons
◼ Piblikasyon n ap ofri ann oktòb : La Tour de Garde ak Réveillez-vous ! Si nou gen vizit ak moun ki enterese, nou kapab ofri yo abònman. N ap kòmanse distribye Nouvèl Wayòm no 36 la 16 oktòb. Novanm : Distribisyon Nouvèl Wayòm no 36 la ap kontinye. Kongregasyon ki fin preche tèritwa yo, ki pran kontak ak moun ki nan chak kay oubyen ki deja kite yon Nouvèl Wayòm no 36 nan kay la kapab ofri bwochi Sa Bondye vle a (Attend) oswa liv Konesans lan (Connaissance). Si moun yo gentan gen liv sa yo, nou kapab sèvi swa ak liv Vivre éternellement an, swa ak liv Création an. Desanm : Konesans k ap mennen nan lavi etènèl la (oswa La connaissance qui mène à la vie éternelle) ak Traduction du monde nouveau. Janvye : Nenpòt liv 192 paj ki te parèt anvan 1986, kongregasyon an genyen nan estòk li. Kongregasyon ki gen L’humanité à la recherche de Dieu, kapab ofri liv sa a tou.
◼ Paj mitan Ministè Wayòm nan se “ Programme pour l’École du ministère théocratique pour 2001 ”. Nou dwe konsève l pou nou sèvi avè l pandan tout ane a.
◼ Apati semèn 5 fevriye 2001, n ap etidye Y a-t-il un Créateur qui se soucie de vous ? nan etid liv kongregasyon an. Si gen kongregasyon ki bezwen plis nan liv sa a, li ta bon pou yo mansyone sa nan demann piblikasyon y ap voye mwa pwochen. An novanm 2000, y ap tou voye kesyonè ki mache ak liv Créateur a ansanm ak piblikasyon y ap voye yo. Okenn kongregasyon pa bezwen fè demann kesyonè. Y ap voye yo pa lo pou chak kongregasyon (selon kantite pwoklamatè ki genyen nan kongregasyon an), e chak lo ap gen 25 kesyonè ladann. Si gen kongregasyon ki ta renmen gen plis kesyonè, se pou yo ranpli yon Demande de publications (S-14) pou yo voye mande sa. Bwochi sa a ap disponib nan lang anglè, espayòl ak fransè.
◼ Kongregasyon yo ta dwe kòmanse mete Examinons les Écritures chaque jour — 2001 nan Demande de publications y ap fè pou mwa oktòb la. N ap jwenn bwochi sa a nan lang anglè, espayòl ak fransè. Jiskaske bwochi sa a disponib, e jiskaske yo voye l, n ap toujou wè “ Articles notés pour plus tard ” make sou fakti y ap voye ban nou yo. Examinons les Écritures se yon atik pou yo estoke an ti kantite.
◼ Nouvo piblikasyon ki disponib:
Konesans k ap mennen nan lavi etènèl la — kreyòl ayisyen
La prophétie d’Isaïe, lumière pour tous les humains I —anglè, fransè
Les Témoins de Jéhovah : Qui sont-ils ? Quelles sont leurs croyances ? — anglè, espayòl, fransè
Vous pouvez être l’ami de Dieu ! —anglè, espayòl, fransè
◼ Nouvo kasèt odyo ki disponib :
Egzanp pou ban nou leson nan tan pa nou an (dram, yon sèl kasèt) —anglè
Mélodies du Royaume — 9 (yon kasèt)
◼ Nouvo disk konpak ki disponib:
Mélodies du Royaume — 9
◼ Nouvo kasèt videyo ki disponib :
Toute la communauté de nos frères —anglè