BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 6/00 p. 1
  • “ Nou pap travay pou granmesi ”

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • “ Nou pap travay pou granmesi ”
  • Ministè Wayòm nan — 2000
  • Sou menm sijè a
  • Èske gen yon bagay ki anpeche nou preche ?
    Ministè Wayòm nan — 2001
Ministè Wayòm nan — 2000
km 6/00 p. 1

“ Nou pap travay pou granmesi ”

1 Ala yon panse ankourajan ! Nou pap travay pou granmesi nan sèvis Jewova a (1 Kor. 15:58). Epoutan, reflechi sou jan moun ap goumen pou yo eseye amelyore sante yo, amelyore pozisyon yo nan lavi a, amelyore sitiyasyon ekonomik yo. Petèt y ap pousuiv gwo etid pandan dèzane oswa menm yo esklav travay yo pou yo ka rive nan domèn materyèl. Sepandan, akòz “ tan ak evènman enprevi ”, petèt yo pa janm atenn prestij y ap chèche a, oubyen yo oblije kontante yo ak sa ki mwens nan domèn materyèl. Se pou granmesi y ap fè efò, kòmsi “ yo t ap bat pou kenbe van ”. (Ekl. 1:14; 9:11.) Donk, ala vital sa vital, dèske nou gen anpil pou nou fè nan sèlgrenn travay ki pa pou granmesi a, paske li gen yon valè k ap dire !

2 Travay ki gen valè toutbonvre a : Preche bon nouvèl Wayòm Bondye a se travay ki pi enpòtan ki genyen sou tè a. Se yon travay ki dwe fèt kit moun koute kit moun pa koute. Nou ta renmen kapab di menm jan Pòl te di a : “ Mwen pa reskonsab san pèsonn moun, paske mwen pa t retni m pou m te anonse nou tout konsèy Bondye a. ” — Tra. 20:26, 27.

3 Ala jwa sa pote lè moun koute epi yo byen reyaji devan mesaj Wayòm nan ! Te gen yon jèn dam ki te gen matant li mouri. Li t ap poze tèt li kesyon ki kote matant lan ale : èske se nan syèl oswa èske se nan lanfè ? Li te lapriyè pou l mande Bondye ede l. Li te sèvi ak non Jewova jan sè l la te aprann li fè l. Li pa t pran tan pou l te kòmanse yon etid biblik e pou l te asiste reyinyon. Li te vin wè lavi a yon lòt fason nèt, e li te koupe relasyon ak gang ki lage nan lari li te konn frekante yo. Jèn dam nan kite fimen, li sispann pran dwòg e li sispann vòlè. Men sa l te avwe : “ Se sèl lanmou pou Jewova ki te fè m kite yon lavi malsen konsa. Se sèl Jewova nan pakèt mizèrikòd li ki ta ka ban m espwa lavi etènèl la. ” Li sispann gaspiye lavi li nan mache chèche pou granmesi.

4 Menm lè moun refize koute, ou toujou reyalize kichòy ki vo lapenn. Moun yo konnen Temwen Jewova te vin vizite yo. Ou bay prèv ou menm ou se moun ki entèg, ou se moun ki fidèl e ou se moun ki gen lanmou. Konsa, èske se pou granmesi w ap travay anrapò ak Seyè a ? Jamè !

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2026)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2026 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje