BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 7/99 p. 1
  • Priye Jewova pou l ede w

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Priye Jewova pou l ede w
  • Ministè Wayòm nan — 1999
  • Sou menm sijè a
  • “ Fè Bondye konnen demann nou yo ”
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2006
  • Ki sa priyè w yo montre konsènan ki kalite moun ou ye?
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2009
  • Lapriyè se yon privilèj nou bezwen bay anpil valè
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2022
  • Ann amelyore priyè n ap fè yo
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2023
Gade plis
Ministè Wayòm nan — 1999
km 7/99 p. 1

Priye Jewova pou l ede w

1 Jezi te fè disip li yo byen konprann yo bezwen pou Jewova lage benediksyon l sou ministè yo a (Matye 9:37, 38). Nou montre nou konte nèt sou èd Jewova lè nou ba li lwanj ki sot nan kè nou ak lè nou remèsi li. Nou montre sa tou lè nou sipliye l ak lè nou fè l demann toutan (Filipyen 4:6, 7). Labib ankouraje nou fè “ tout kalite lapriyè ak siplikasyon ”. Sa ta kapab aplike pou lapriyè n ap fè an rapò ak ministè a. — Efezyen 6:18.

2 Nou bay Jewova lwanj nan lapriyè pou kalite san parèy li genyen yo ak pou bagay li fè yo. Nou ba l lwanj tou poutèt se li ki fè kado bon nouvèl n ap preche a. Li merite lwanj nou paske se li sèl ki fè nou reyisi nan ministè nou an. — Sòm 127:1.

3 Lè nou remèsi Jewova, sa montre jan nou apresye konpreyansyon li ban nou sou volonte l ak sou pwogram li a. Èske se pa yon privilèj nou genyen pou nou pataje laverite sou Wayòm nan ak lòt moun ? Nou di Jewova mèsi pou tout sa li pèmèt nou reyalize nan ministè a. — Sòm 107:8 ; Efezyen 5:20.

4 Li byen apwopriye pou nou mande Jewova ede nou jwenn moun k ap asepte òf pou yo etidye Labib, e pou l ede nou touche kè yo avèk pawòl verite a. Lè nou fè kalite demann sa yo, nou montre nou rekonèt se Bondye sèl ki kapab fè ministè nou an bay bon rezilta. — 1 Korentyen 3:5-7.

5 Yon sè ki te gen yon wout peryodik ak yon madanm te gen enpresyon madanm nan pa t li La Tour de Garde ak Réveillez-vous ! yo. Piske l pa t vle pou se gaspiye bon kalite jounal sa yo ap gaspiye, li te mande Jewova si madanm nan pa li yo pou l refize pran yo. Apresa, lè sè a te al kay madanm nan, mari madanm nan di konsa : “ Mèsi pou jounal yo ou toujou pote a. Mwen li yo e mwen byen renmen yo. ”

6 Nou kapab lapriyè seryezman nan pye Jewova pou li ede nou boule ak moun yo lè yo pa ban nou bò ak lè y ap pase nou nan rizib, epi pou li ede nou depase estad pè moun nan. Konsa, n ap kapab kontinye bay moun yo yon temwayaj ki djanm (Ak 4:31). Si nou kontinye fè “ tout kalite lapriyè ak siplikasyon ” nan pye Jewova toupandan n ap toujou fè sèvis sakre nou an avèk obeyisans, nou mèt asire nou l ap ede nou. — 1 Jan 3:22.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2026)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2026 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje