Anons
◼ Piblikasyon n ap ofri an jen : La connaissance qui mène à la vie éternelle. Jiyè ak out : Nenpòt nan pami bwochi 32 paj sa yo : Dieu se soucie-t-il vraiment de nous ? ; Doit-on croire à la Trinité ? ; Le gouvernement qui établira le Paradis ; Quand la mort frappe un être aimé... ; Que devient-on quand on meurt ? ; Quel est le but de la vie ? Comment le découvrir ? ; Viv alèz sou tè a pou toutan ! oswa Vivez éternellement heureux sur la terre ! Si nou wè li apwopriye nou ka ofri bwochi sa yo : Connaîtrons-nous un jour un monde sans guerre ? ; Les esprits des morts — Peuvent-ils vous aider ou vous nuire ? Existent-ils vraiment ? ; Nos problèmes — Qui nous aidera à les résoudre ? ; Un livre pour tous. Septanm : La connaissance qui mène à la vie éternelle.
◼ N ap ankouraje tout ansyen, sitou siveyan Lekòl ministè teyokratik yo, pou yo kontinye soutni Lekòl alfabetizasyon kongregasyon yo a. N ap fè nou sonje li nesesè pou nou voye rapò lekòl la chak mwa. Sa ap mete komite alfabetizasyon an opa avèk Sekreteri d Eta pou alfabetizasyon an anrapò avèk seminè yo prevwa fè pou nou.
◼ Siveyan prezidan an oswa yon lòt moun li mande sa ta dwe fè odit kont kongregasyon an 1e jen oubyen osito sa posib apre dat sa a. Lè odit la fin fèt, y ap fè yon anons bay kongregasyon an apre yo fin li dènye rapò kont lan.
◼ Depi mwa mas 1999, biwo tradiksyon an pa sou wout Frè nan Petyonvil ankò. Biwo a retounen nan lokal Betèl Santo a. Sa pèmèt travay yo fèt pi vit.
◼ Samdi 11 septanm 1999 elèv Lekòl Gileyad yo ap gradye. Pou rezon sa a, yo pap ka fè moun vizite bilding Lasosyete yo ki nan Bwouklin, Patèsonn ak Wòlkil nan Nouyòk. Nenpòt moun ki te anvizaje fè yon vizit jou samdi sa a, ap planifye sa pou yon lòt lè ki apwopriye. Jou sa a, yo pap ni egzekite kòmann piblikasyon pou kongregasyon, ni yo pap livre piblikasyon.
◼ Yo pral kòmanse pibliye yon La Tour de Garde pa mwa nan lang tiv apati nimewo 1e jen 1999 la.