Annou anseye pwochen nou yo pou byen yo
1 Jewova vle wè byen pou tout moun (Izayi 48:17). Li konnen ki sa ki pou fè moun viv toutbonvre nan lakontantman. Pi gwo bagay Jewova ta renmen pou lèzòm se pou malè pa rive pèsonn, pou tout moun jwi lavi yo lè yo bay kòmannman l yo tout atansyon yo. Nou santi jan sa fè nou byen anpil lè nou viv jan Bondye vle a (Sòm 34:8). Ki jan nou ka anseye pwochen nou yo pou yo fè menm jan avèk nou ?
2 Ki sa moun yo ap chèche ? Ki sa ki okipe lespri moun bò lakay ou yo ? Èske se pa sekirite pou kay yo, kore maryaj yo, asire avni pitit yo, ansanm ak lòt bagay konsa ? Lè yo gen pwoblèm, ki kote y al chèche èd ? Se swa yo konte sou pwòp tèt yo ak sou pwòp kapasite yo oubyen y al mande lòt moun konsèy. Lè konsa tèt anpil moun vin bwouye paske lide yo jwenn yo pa kenbe epi sa pa regle anyen ki byen pou yo. Nou dwe konvenk yo konsèy y ap jwenn nan Pawòl Bondye a pi bon lontan pase tout lòt konsèy (Sòm 119:98). Nou ka fè sa lè nou montre yo ki jan yo kapab amelyore fason y ap viv la depi kounye a si yo fè efò pou yo etidye Labib e si yo mete an pratik sa yo jwenn ladan l. — 2 Timote 3:16, 17.
3 Yon pi bon kalite lavi fanmi : Gen kèk moun ki fè eksperyans ki wè toutbonvre jan konsèy enspire nou jwenn nan Efezyen 5:22–6:4 la efikas pou rezoud pwoblèm ki gen anndan fanmi yo. Paregzanp, gen de mesyedam marye ki te deside kite apre dizan maryaj. Men, madanm nan te kòmanse etidye Labib epi li te vin aprann prensip Bib la bay pou moun ki marye. Piske li te mete prensip biblik yo an pratik, sa pa t pran anpil tan pou mari a te remake chanjman madanm li te fè epi msye te antre nan etid la tou. Men sa l te di annapre : “ Kounye a nou jwenn baz ki pou fè yon fanmi viv toutbonvre nan lakontantman. ”
4 Yon bi reyèl nan lavi a : Te gen yon jèn ki nan dwòg ki te mande Temwen Jewova yo èd, yo te esplike l kouman Jewova ap pran swen l pèsonèlman. Men ki sa li te di : ‘ Mwen te aprann Kreyatè a gen yon objektif pou lèzòm e li rezève lavi etènèl pou moun li apwouve yo. Ou pa ka imajine tout kontantman m santi anndan m. Jodi a sante m anfòm, lespri m anpè, epi mwen gen kontak sere kole ak Bondye. ’
5 Tout moun ka benefisye èd pratik Pawòl Bondye a bay. Lè nou sèvi ak Pawòl Bondye a pou gide nou, nou bay prèv chemen Jewova a pi siperyè lontan pase chemen monn nan (Sòm 116:12). Nou gen privilèj pou nou fè pwochen nou yo konn mesaj sa a, pou nou anseye yo pou byen yo. Tank nou fè sa se tank n ap jwenn bonjan rezilta.