Annou chofe anpil pou n preche bon nouvèl la
1 “ Se pa ti anvi m anvi wè nou [...]. Se pa ti chofe m chofe pou m anonse nou bon nouvèl la. ” Se konsa apòt Pòl te pale nan kòmansman lèt li te ekri frè li yo nan peyi Wòm. Poukisa Pòl te chofe nan eta sa a pou l al vizite yo ? Men sa li te di : “ Poutèt pou m ka jwenn kèk fwi pami nou tou [...]. Paske mwen pa wont bon nouvèl la. Annefè, li se pisans Bondye pou delivrans la. ” — Women 1:11-16.
2 Pòl te chofe menm jan an lè l t ap pale ak ansyen kongregasyon Efèz yo : ‘ Depi premye jou mwen te mete pye nan distri Azi a, mwen pa t gen retisans pou m te anseye nou ni an piblik ni kay an kay. Men m te bay yon temwayaj afon kit se te devan Jwif, kit se te devan Grèk. ’ (Ak 20:18-21). Nan tout teritwa yo te chwazi Pòl pou l ale, li te toujou byen deside pou li simaye bon nouvèl delivrans la, epitou pou li ranmase fwi Wayòm nan. Ala yon bèl espri nou fèt pou n imite !
3 Kesyon pou nou poze tèt nou se : ‘ Èske m chofe menm jan an tou nan fason mwen preche bon nouvèl la nan antouraj mwen ? Èske m regade predikasyon kòm yon senp devwa, oswa èske m chofe anpil pou m pataje bon nouvèl la avèk valè moun mwen kapab ? Èske m egzamine sitiyasyon pèsonèl mwen nan lapriyè ? Èske mwen eseye tout posiblite ki egziste nan teritwa a, tankou preche kay an kay, nan lari, nan katye komès, nan telefòn oswa yon fason enfòmel ? ’
4 Annou chofe anpil nan mwa d avril la : Mwa d avril se bon lè pou n ogmante patisipasyon nou nan predikasyon. Piske kantite lè pou pyonye yo bay la diminye, sa ta dwe pèmèt pi plis moun pran sèvis pyonye oksilyè. Petèt sitiyasyon w ka pèmèt ou pyonye ni ann avril ni an me. Oubyen tou, avèk ajisteman ki fèt nan kantite lè a, ou kapab antre nan ran pyonye pèmanan yo. Si w se yon pwoklamatè, èske w ka pase pi plis tan nan predikasyon mwa sa a ak mwa k ap vini annapre yo, pou w soutni moun ki kapab pyonye yo ? Men sa ki ta fè kè Jewova kontan !
5 Menm jan ak Pòl, pwoklamatè Wayòm nan ta dwe kontinye montre yo chofe anpil nan chèche fè plis nan travay predikasyon an. Lè nou fè tout sa nou kapab nan ministè nou, sa kapab pote lajwa pou nou toutbon. Pòl te gen menm jwa sa a nan sèvis sakre li t ap akonpli a. Nou byen fè lè nou imite bèl bèl egzanp li a. — Women 11:13; 1 Korentyen 4:16.