Lis sijè yo
SEMÈN 30 AVRIL 2018–6 ME 2018
3 Batèm: Yon obligasyon pou kretyen yo
SEMÈN 7-13 ME 2018
8 Paran, èske n ap ede pitit nou fè pwogrè pou yo batize?
Ki objektif nou ta dwe genyen lè n ap kondui yon etid Labib? Poukisa se t ap yon erè si yon moun ta di l a gentan batize? Ki sa k konn lakòz kèk paran ki kretyen ankouraje pitit yo pou yo poko batize? N ap jwenn repons kesyon sa yo ak lòt ankò nan de atik sa yo.
SEMÈN 14-20 ME 2018
14 Akeyi moun se yon bon abitid ki vrèman nesesè!
Men ki ankourajman apot Pyè te bay kretyen yo nan premye syèk la: “Se pou youn kontan akeyi lòt.” (1 Pyè 4:9). Ki sa k fè konsèy sa a vrèman enpòtan nan epòk nou an? Ki sa n ka fè pou n suiv konsèy sa a? E ki jan n ka montre nou se bon envite? N ap jwenn repons kesyon sa yo nan atik sa a.
19 Byografi: Jewova pa janm lage m!
SEMÈN 21-27 ME 2018
23 Disiplin: Yon prèv ki montre Bondye renmen nou
SEMÈN 28 ME 2018–3 JEN 2018
28 “Koute lè y ap ban nou disiplin pou nou ka gen sajès”
De atik sa yo ap ede n montre plis rekonesans pou kokenn lanmou Bondye gen pou nou an jan sa parèt nan fason l disipline nou antanke Papa. Men, ki fason Bondye disipline nou? Ki jan n dwe reyaji lè l disipline nou? E ki jan n ka aprann disipline tèt nou? N ap jwenn repons kesyon sa yo nan atik sa yo.