BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • w06 1/9 p. 32
  • Li te gen laj men li pa t nan “ kaj ”

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Li te gen laj men li pa t nan “ kaj ”
  • Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2006
Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2006
w06 1/9 p. 32

Li te gen laj men li pa t nan “ kaj ”

GEN anpil moun, lè yo antre nan laj, yo vin enfim, yo vin izole parapò ak rès moun nan sosyete a. Se pa sa k te rive nan ka Fernand Rivarol, ki mouri a 95 an nan vil Jenèv, an Suis. Li t ap viv poukont li, paske madanm li te mouri, e pitit fi l la, ki marye, t ap viv lakay pa l. Byenke li te oblije rete lakay li prèske toutan, li pa t izole. Byen souvan, li te konn chita bò yon tab nan salon lakay li, telefòn li nan men l, e l ap rele moun pou l chèche gen yon konvèsasyon espirityèl avèk yo.

Gen yon peryòd nan lavi Fernand ki te ranpli ak evènman, se te yon peryòd kote yo te fèmen l literalman. Poukisa ? Tousuit apre Fernand ak madanm li te vin Temwen Jewova nan ane 1939, Dezyèm Gè mondyal la te eklate ann Ewòp. Fernand te rete atache ak desizyon li te pran ki baze sou Bib la pou l pa fè pèsonn mal. Akoz de sa, li te pèdi travay li e li te pran prizon plizyè fwa. Li pase antou senkan edmi nan prizon, e pandan tan sa a, yo te separe l ak madanm li ak tipitit fi l la.

Men sa Fernand te di etan li t ap sonje bagay sa yo : “ Pou anpil moun, se kòmsi mwen te kite yon bon djòb e mwen te abandone fanmi m. Moun yo te konsidere m mal e yo te trete m tankou yon kriminèl. Men kanmenm, lè m reflechi sou ane difisil sa yo, sa mwen plis sonje, se fason Jewova te soutni nou ak fason li te ede nou. Bagay sa yo gen lontan depi yo pase, men konfyans mwen nan Jewova toujou rete fèm menm jan l te ye nan epòk sa a. ”

Se lafwa sa a ki te pouse Fernand pataje esperans li genyen ki baze sou Ekriti yo ak lòt moun nan telefòn. Lè l te gen yon bon konvèsasyon avèk yon moun, li te konn voye piblikasyon biblik pou li pa lapòs. Annapre, li te konn rele moun nan ankò pou l wè si moun sa a te renmen piblikasyon an. Dèfwa, gen moun ki te konn ekri l pou yo eksprime apresyasyon yo, e sa te konn fè l kontan anpil.

Petèt nan zòn ou rete a, yon moun tankou Fernand ka kontakte w. Sa w panse si w koute sa l gen pou l di w la yon fason pou w konnen kwayans li ? Temwen Jewova yo ap toujou byen kontan pataje kwayans yo avèk ou.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2026)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2026 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje