BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • w03 1/5 p. 4
  • Kesyon lektè yo poze

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Kesyon lektè yo poze
  • Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2003
  • Sou menm sijè a
  • Li geri yon tigason ki gen demon sou li
    Moun ki pi enpòtan ki pase sou tè a
  • Jezi fè yon gwo travay nan Kapènawòm
    Jezi se chemen an, verite a, lavi a
  • Li geri yon tigason ki gen demon sou li
    Jezi se chemen an, verite a, lavi a
Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2003
w03 1/5 p. 4

Kesyon lektè yo poze

Si yon kretyen ap plede tande vwa k ap pale avè l, èske sa vle di li gen demon sou li pou sa ?

Non. Sa konn rive demon yo manifeste konsa. Toutfwa, anpil moun ki konn tande vwa k ap pale avèk yo, ki konn viv lòt eksperyans yo pa ka esplike oswa ki konn gen yon seri sansasyon ki dwòl, apre yo fin egzamine sitiyasyon yo byen egzamine, yo rann yo kont se maladi doktè yo genyen.

Menm nan premye syèk la, sanble kèk moun ki te gen demon sou yo te konn prezante menm sentòm ak moun ki te gen yon maladi doktè. Matye 17:14-18 pale de yon jèn gason Jezi te geri. Jèn gason sa a te gen yon maladi ki prezante menm sentòm ak malkadi. Poutan, se demon yo ki te lakòz l ap soufri. Men, nan yon okazyon anvan sa, te gen yon foul moun ki te vin jwenn Jezi pou l te geri yo, e pami yo te gen moun ki ‘ gen demon sou yo ak moun ki fè malkadi ’. (Matye 4:24.) Sanble moun yo te konnen se pa tout moun ki gen malkadi ki gen demon sou li. Gen de lè, se senpleman yon maladi doktè moun nan genyen.

Skizofreni se yon maladi mantal, yon maladi souvan yo ka trete avèk medikaman. Men, yo rapòte maladi sa a konn fè kèk moun tande vwa oubyen li ba yo lòt kalite sentòm ki ka parèt mistik.a Gen lòt eta moun konn ye fizikman ki ka fè yo vin gen twoub mantal e kèk moun ka menm panse se demon ki lakòz. Se poutèt sa, lè yon moun remake li tande vwa k ap pale oubyen li gen lòt kalite sansasyon ki dwòl, li pap inyore gen dwa se demon k ap toumante l. Men, yo dwe ankouraje l verifye si pwoblèm li rankontre a pa yon maladi doktè.

[Nòt anba paj]

a Gade atik “ On commence à percer le mystère des maladies mentales ” ki parèt nan Réveillez-vous ! 8 septanm 1986. Réveillez-vous ! se jounal ki akonpaye Toudegad.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2026)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2026 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje