BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • lfb leson 5 p. 18-p. 19 par. 5
  • Lach Noye a

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Lach Noye a
  • Leson ou kapab aprann nan Bib la
  • Sou menm sijè a
  • Noye bati yon lach
    Liv istwa biblik mwen an
  • Nan epòk delij la, kiyès ki te koute? Kiyès ki pa t koute?
    Koute Bondye pou w viv pou toutan
  • Noye te “mache byen ak Bondye”
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2013
  • Li “t ap mache avèk vrè Dye a”
    Annou imite lafwa yo
Gade plis
Leson ou kapab aprann nan Bib la
lfb leson 5 p. 18-p. 19 par. 5
Noye ak fanmi l k ap fè lach la.

LESON 5

Lach Noye a

Tank tan t ap pase, te vin gen anpil moun sou tè a. Pifò nan moun sa yo te mechan. Menm kèk zanj nan syèl la te vin mechan. Yo te kite plas yo nan syèl la e yo desann sou tè a. Èske w konn poukisa yo te fè sa? Yo te fè sa pou yo te ka pran fòm kò moun e pou yo marye ak fi sou tè a.

Zanj yo te fè pitit ak medam yo. Pitit gason sa yo te vin gen anpil fòs e yo te konn fè moun abi. Yo te konn fè moun soufri. Jewova pa t ka kontinye kite bagay sa yo rive. Se sa k fè li te di l ap detwi moun mechan sa yo nan yon delij.

Noye ak fanmi l k ap fè lach la e k ap prepare manje.

Men, te gen yon mesye ki pa t menm ak lòt moun yo. Li te renmen Jewova. Li te rele Noye. Li te gen yon madanm ak twa pitit gason, Sèm, Kam ak Jafèt, e yo chak te gen madanm pa yo. Jewova te di Noye pou l konstwi yon gwo lach yon fason pou li menm ak fanmi l pa t mouri nan delij la. Yon lach se yon gwo gwo bwat ki fèt ak bwa ki ka ret sou dlo. Jewova te di Noye pou l fè yon pakèt bèt antre nan lach la pou yo pa mouri.

San pèdi tan, Noye te kòmanse fè lach la. Noye ak fanmi l te pase anviwon 50 an ap fè lach la. Yo te fè lach la jan Jewova te di yo a. Pandan epòk sa a, Noye te avèti moun yo pral gen yon delij. Men, pèsonn pa t okipe l.

Anfen, lè a te rive pou yo antre nan lach la. Ann wè sa k te pase annapre.

“Menm jan epòk Noye a te ye a, se konsa prezans Pitit lòm nan ap ye.” — Matye 24:37.

Kesyon: Poukisa Jewova te deside fè delij la? Ki sa Jewova te mande Noye pou l fè?

Jenèz 6:1-22; Matye 24:37-41; 2 Pyè 2:5; Jid 6.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2026)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2026 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje