Anndan paj kouvèti a
Ou menm k ap li liv sa a:
Wa Salomon ki te yon wa ki saj te di: “Ou menm jèn, pran plezi w pandan w jèn nan, e se pou w gen kè kontan pandan w jèn nan. Fè sa k nan kè w e ale kote je w ba w.” (Eklezyas 11:9). Lè yon moun jèn, lavi a enteresan e nou ta renmen w byen pwofite l. Men, nou ankouraje w fè sa yon fason ki fè Jewova plezi. Pa janm bliye, li kapab wè sa w ap fè e l ap jije w selon sa w fè. Se sa k fè li saj pou w fè sa wa Salomon te di annapre a: “Sonje Gran Kreyatè w la, pandan w jèn nan.” — Eklezyas 12:1.
Se ak tout kè nou nou swete pou enfòmasyon ki nan liv sa a ede w fè fas ak presyon e ak tantasyon w ap jwenn pandan w jèn nan e nou swete l ap montre w ki jan pou w pran desizyon ki ann amoni ak volonte Bondye. Konsa, w ap fè kè Jewova kontan — Pwovèb 27:11.
Kolèj santral Temwen Jewova yo